19 Se ak swè fwon w w ap jwenn manje pou w manje jiskaske w retounen nan tè a, paske se ak pousyè tè ou te fèt+. Piske se pousyè w ye, w ap retounen nan pousyè+.”
15 Menm jan yon moun sot nan vant manman l toutouni, se konsa tou li prale san anyen, menm jan l te vini an+. Li pa ka ale ak anyen malgre tout travay di li te fè yo+.