28 Nou pa bezwen sezi pou sa, paske lè a ap rive kote tout moun ki nan tonm yo* pral tande vwa l+, 29 e y ap soti. Moun ki fè bon bagay ap resevwa lavi, men moun ki pratike sa ki mal ap resevwa yon jijman kondanasyon+.
43 Lè l fin di bagay sa yo, li rele byen fò: “Laza, soti deyò+!” 44 Mesye ki te mouri a sot deyò, pye l ak men l bande ak twal, e figi l vlope ak yon moso twal. Jezi di yo: “Devlope l, epi kite l ale.”