-
Detewonòm 1:16, 17Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
16 “Lè sa a, men ki enstriksyon mwen te bay jij nou yo: ‘Lè gen moun nan pèp la ki gen pwoblèm antre yo e yo vin devan nou, nou dwe jije ka a avèk jistis+, kit moun nan gen pwoblèm ak yon Izrayelit parèy li, kit li gen pwoblèm ak yon etranje k ap viv nan mitan nou+. 17 Nou pa dwe gen patipri lè n ap jije+. Nou dwe koute ni moun ki pa enpòtan, ni moun ki enpòtan+. Nou pa dwe kite moun fè nou pè+, paske se pou Bondye n ap jije+. Lè yon ka twò difisil pou nou, n a pote l devan m e m a tande l+.’
-