-
Ebre 12:9-11Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
9 Anplis de sa, moun ki papa nou yo* te konn disipline nou, e nou te konn respekte yo. Èske nou pa ta dwe dispoze soumèt nou plis toujou devan Papa nou ki fè nou grasa lespri li a, pou nou ka viv+? 10 Paske, yo menm, yo te konn disipline nou pou yon ti tan, selon sa ki te parèt bon nan je yo, men li menm, li fè sa pou byen nou, pou nou ka vin sen menm jan li menm li sen+. 11 Se vre, pa gen okenn disiplin ki sanble bay kè kontan menm kote a. Sanble li bay lapenn pito. Sepandan, pi devan, moun li fòme yo pral mennen yon vi dwat nan lapè.
-