BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Jeremi 49:7
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 7 Men sa Jewova, Chèf lame yo, di konsènan Edòm:

      “Èske pa gen moun nan Teman ki gen sajès ankò+?

      Èske moun ki gen bon konprann yo pa kapab bay bon konsèy ankò?

      Èske sajès yo genyen an pa gen okenn valè ankò?

  • Lamantasyon 4:22
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 22 O Siyon, ou fin peye pou peche w fè yo.

      Bondye pap fè w al ann egzil ankò+.

      Men, ou menm, o Edòm, Bondye wè peche w yo.

      L ap devwale peche w yo+.

  • Ezekyèl 25:12
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 12 “Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: ‘Edòm fè vanjans sou moun Jida yo. Se sa k fè li koupab anpil+.

  • Obadya 10-13
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 10 Ou gen pou w wont anpil+

      Akoz vyolans ki te fèt sou Jakòb, frè w la+.

      Y ap detwi w pou toutan+.

      11 Nan jou ou te annik ret kanpe sou kote ap gade a,

      Lè etranje yo te fè sòlda l yo vin prizonye a+,

      Lè etranje yo te antre nan pòtay li a e yo te fè tiraj osò+ pou yo separe Jerizalèm nan,

      Ou te aji menm jan ak yo.

      12 Lè malè te rive frè w la, ou pa t dwe kontan poutèt sa k te rive l la+.

      Lè malè te rive moun Jida yo, ou pa t dwe kontan poutèt sa k te rive yo a+.

      Lè yo t ap soufri a, ou pa t dwe pale avèk awogans jan w te fè a.

      13 Lè malè te rive pèp mwen an, ou pa t dwe antre nan pòtay li a+.

      Lè malè te rive l la, ou pa t dwe rejwi jan w te fè a.

      Lè malè te rive l la, ou pa t dwe met men sou richès li yo+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje