BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Detewonòm 30:1
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 30 “Lè tout pawòl sa yo akonpli sou nou, anpalan de benediksyon ak malediksyon mwen mete devan nou yo+, e nou sonje yo*+ pandan nou nan nasyon kote Jewova, Bondye nou an, gaye nou yo+,

  • Detewonòm 30:3
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 3 Jewova, Bondye nou an, ap fè prizonye nou yo tounen+ e l ap fè nou mizèrikòd+. Jewova, Bondye nou an, ap pran nou nan mitan tout pèp kote li te gaye nou yo e l ap rasanble nou+.

  • Sòm 30:5
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    •  5 Paske lè l an kòlè kont yon moun, se pou yon ti tan+,

      Men lè yon moun gen favè l*, se pou lavi+.

      Sa ka rive nou kriye nan aswè, men, nan maten, n ap rele ak kè kontan+.

  • Sòm 106:47
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 47 Sove nou, o Jewova, Bondye nou an+,

      Rasanble nou, fè n soti nan mitan nasyon yo+

      Pou n ka di w mèsi, ou menm ki gen yon non ki sen,

      E pou nou ka pran plezi fè louwanj pou ou*+.

  • Ezayi 27:12
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 12 O nou menm, pèp Izrayèl, menm jan yon moun ap keyi fwi nan yon pyebwa, epi li ranmase yo youn pa youn, se konsa Jewova ap ranmase nou+, nou menm ki gaye nan zòn ki sot depi nan Rivyè* k ap koule a rive nan Ravin Ejip la+.

  • Jeremi 29:10
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 10 “Paske, men sa Jewova di: ‘Kou 70 an n ap pase Babilòn nan rive nan bout li, m ap voye je sou nou+ e m ap reyalize pwomès mwen te fè a lè m mennen nou tounen lakay nou+.’

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje