8 L ap touye tout moun ou genyen ki abite nan bouk ki nan savann ou yo anba kout epe, l ap ansèkle w ak yon mi e ak yon ranp. L ap monte yon gwo boukliye devan w. 9 L ap frape miray ou yo ak materyèl li genyen pou l defonse miray e l ap kraze fòtrès ou yo ak kout rach.