BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • 2 Wa 18:13
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 13 Nan 14yèm ane rèy Ezekyas, Senakerib, wa Asiri a+, te vin atake tout vil nan Jida ki te byen pwoteje yo e li te pran yo+.

  • 2 Kwonik 32:1
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 32 Apre Ezekyas te fin fè tout bagay sa yo ki te montre jan li fidèl+, Senakerib, wa Asiri a, vini epi li anvayi Jida, li ansèkle vil nan Jida ki te byen pwoteje yo avèk entansyon pou l kraze yon pati nan miray yo epi pran vil yo+.

  • Ezayi 8:7, 8
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    •  7 Ebyen, gade! Jewova ap voye

      Wa Asiri a+, yon wa ki pisan anpil,

      Vin batay ak yo.

      L ap vin byen vit avèk gwo lame l la,

      Tankou lè gwo dlo Rivyè a* debòde

       8 E li kouvri tout peyi Jida.

      L ap anvayi l e l ap pase tout kote, l ap rive ra kou+.

      Zèl li ap blayi sou tout lajè peyi w la,

      O Emànyèl*+!”

  • Ezayi 10:28-32
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 28 Li atake Ayat+.

      Li travèse Migwon.

      Li depoze zafè l Mikmach+.

      29 Li janbe pas dlo a.

      Li pase nuit Geba+.

      Moun nan Rama pran tranble, moun Gibeya+, vil Sayil la, pran kouri+.

      30 Nou menm moun Galim, fè rèl, rele byen fò!

      Nou menm moun Layich, veye kò nou!

      O moun Anatòt+! Sa fè m mal pou nou!

      31 Moun Madmena yo kouri ale.

      Moun Gebim yo al chèche yon kote pou yo abrite yo.

      32 Jou sa a menm, l ap fè yon kanpe nan Nòb+.

      L ap mare pwen l pou l menase moun ki ret sou Mòn Siyon yo,

      Mòn Jerizalèm nan.

  • Ezayi 33:8
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    •  8 Pa gen pèsonn k ap pase nan gwo wout yo ankò.

      Pa gen moun k ap vwayaje nan chemen yo ankò.

      Li* kraze alyans lan.

      Li voye vil yo jete.

      Li pa respekte pèsonn+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje