-
Jeremi 34:2, 3Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
2 “Men sa mwen menm, Jewova, Bondye Izrayèl la, mwen di: ‘Al pale ak Sedesyas, wa Jida a+, e se pou w di l: “Men sa Jewova di: ‘M ap lage vil sa a nan men wa Babilòn nan e l ap boule l+. 3 Ou pap chape anba men l, paske y ap met men sou ou kanmenm e y ap lage w nan men l+. W ap gen pou w wè wa Babilòn nan, l ap pale avè w fasafas, je nan je, e ou prale Babilòn+.’
-
-
Jeremi 37:8Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
8 Epitou, moun Kalde yo ap retounen vin atake vil sa a, y ap pran l e y ap boule l+.”
-