BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Egzòd 7:3
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 3 Kanta pou mwen, m ap kite Farawon fè tèt di+, e m ap fè yon pakèt mèvèy ak mirak nan peyi Ejip+.

  • Egzòd 7:5
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 5 Lè mwen lonje men m pou m frape Ejip pou m fè Izrayelit yo soti nan mitan Ejipsyen yo, se sèten Ejipsyen yo ap konnen mwen se Jewova+.”

  • Egzòd 9:15, 16
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 15 Paske m te gendwa gentan leve men m pou m frape ni ou menm ni pèp ou a avèk yon gwo maladi, e m t ap gentan disparèt* nou sou tè a. 16 Sepandan, men pou ki rezon mwen kite w viv toujou: pou m ka fè w wè pisans mwen e pou yo ka fè konnen non m sou tout tè a+.

  • Detewonòm 4:34
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 34 Oubyen, èske Bondye te janm sèvi ak fòs ponyèt+ li pou l jije yon nasyon, pou l fè mèvèy, mirak+, lagè+, ak anpil aksyon ki estrawòdinè+, pou l eseye pran yon nasyon nan mitan yon lòt nasyon pou l ka fè yo sèvi l, jan nou te wè Jewova, Bondye nou an, fè sa pou nou ann Ejip la?

  • 2 Samyèl 7:23
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 23 Epitou, ki lòt nasyon sou tè a ki tankou pèp Izrayèl la, pèp ou a+? Antanke Dye, ou t al delivre l e ou fè l vin pèp ou+, ou fè konnen non w+ pa mwayen yon seri gwo bagay ou te fè pou yo ki bay lakrentif+. Ou te mete lòt nasyon yo ansanm ak dye nasyon sa yo deyò pou pèp ou a ou te delivre ann Ejip pou l te ka vin pèp pa w.

  • Ezayi 63:12
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 12 Sila a ki te sèvi ak ponyèt li ki gen fòs pou l dirije men dwat Moyiz+,

      Sila a ki te fann dlo yo devan yo+,

      Pou l fè moun pale de non l pou toutan+,

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje