6Lè sa a, Jewova di Moyiz: “Kounye a, ou pral wè sa m pral fè Farawon+: M ap sèvi ak fòs mwen pou m fè l voye yo ale. Wi, m ap sèvi ak fòs mwen pou m fè l mete yo deyò nan peyi l la+.”
6 “Kidonk, men sa w ap di Izrayelit yo: ‘Mwen se Jewova, m ap fè nou soti anba jouk Ejipsyen yo, m ap delivre nou nan esklavaj anba men yo+, m ap sove nou avèk fòs ponyèt mwen e m ap pini+ yo.