16 “‘Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: “Menm jan li klè mwen vivan, mwen fè sèman, l ap mouri Babilòn, nan peyi kote wa ki te mete l wa a ap viv la, nan peyi wa ki te fè l fè sèman e ki te fè yon alyans avè l la, wa li pa t respekte alyans li te fè avè l la+.