-
Levitik 25:39-42Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
39 “‘Si yon frè nou ki abite toupre nou vin pòv e li vann tèt li ban nou+, nou pa dwe fòse l travay tankou yon esklav+. 40 Se pou nou aji avè l tankou yon moun k ap travay pou lajan+, tankou yon etranje k ap viv nan mitan nou. L ap travay pou nou jiskaske ane Liberasyon an rive. 41 Lè sa a, l ap kite nou, ni li ni pitit* li, e l ap tounen nan fanmi l. L ap tounen sou tè zansèt li yo+. 42 Paske, Izrayelit yo se esklav mwen mwen te fè soti nan peyi Ejip+. Yo pa dwe vann tèt yo jan yo vann yon esklav.
-
-
Detewonòm 15:12Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
12 “Si gen youn nan frè nou yo nou te achte, kit se yon gason, kit se yon fi, e li travay pou nou pandan sizan, lè setyèm ane a rive, se pou nou libere l+.
-