9 Li boule kay Jewova a+, kay* wa a+ ak tout lòt kay ki nan Jerizalèm yo+. Li boule kay tout moun nan vil la ki te gen gwo pozisyon yo+. 10 Apre sa, lame moun Kalde yo ki te avèk chèf gad yo kraze miray ki antoure Jerizalèm yo+.
29 Moun Kalde ki vin atake vil sa a gen pou yo antre ladan l e pou yo met dife ladan l+. Y ap boule l ansanm ak tout kay moun konn al kanpe sou tèt yo pou yo ofri Baal sakrifis e pou yo ofri lòt dye bwason pou yo fè m fache+.’