-
2 Kwonik 36:15, 16Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
15 Jewova, Bondye zansèt yo a, te kontinye voye moun kote yo pou ba yo avètisman. Li pa t sispann ba yo avètisman paske li te gen pitye pou pèp li a e pou kay kote li te abite a. 16 Men, yo te konn pase moun vrè Dye a te voye yo nan jwèt+, yo te meprize sa l te voye di yo a+ e yo te pase pwofèt li yo nan rizib+ jiskaske pa t gen espwa pou pèp la jwenn gerizon ankò, jiskaske Jewova te vin an kòlè anpil kont pèp li a+.
-
-
Ezayi 65:2Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
2 Mwen te pase tout jounen ap lonje men m bay yon pèp ki gen tèt di+,
Bay moun k ap mache nan move chemen+,
Moun k ap fè sa lide yo di yo+,
-
Jeremi 7:24-26Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
24 Men, yo pa t koute, yo pa t panche zòrèy yo pou yo tande m+. Okontrè, yo te fè sa lide yo di yo*, yo te kontinye suiv kè yo ki mechan+ e yo te fè bak olye yo avanse. 25 Se sa nou te fè depi jou zansèt nou yo te sot nan peyi Ejip rive jis jodi a+. Se sa k fè, mwen te kontinye voye sèvitè m yo, pwofèt yo, al pale avèk yo. Mwen te voye yo chak jou san rete*+. 26 Men, yo te refize koute m, yo pa t panche zòrèy yo pou yo tande m+. Okontrè, yo te fè tèt di* e yo te aji pi mal pase zansèt yo.
-
-
Jeremi 35:15Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
15 Mwen pa t sispann voye pwofèt yo, sèvitè m yo, kote nou, mwen pa t sispann* voye yo kote nou+ pou yo di nou: ‘Tanpri, se pou nou chak kase tèt tounen, se pou nou kite move chemen nou ladan l lan+ epi se pou nou fè sa ki dwat! Pa mache dèyè lòt dye yo, pa sèvi yo. Konsa, n ap ka kontinye abite nan peyi mwen te bay nou menm ak zansèt nou yo+.’ Men, nou pa t koute m, nou pa t obeyi m.
-
-
-