-
2 Kwonik 36:15, 16Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
15 Jewova, Bondye zansèt yo a, te kontinye voye moun kote yo pou ba yo avètisman. Li pa t sispann ba yo avètisman paske li te gen pitye pou pèp li a e pou kay kote li te abite a. 16 Men, yo te konn pase moun vrè Dye a te voye yo nan jwèt+, yo te meprize sa l te voye di yo a+ e yo te pase pwofèt li yo nan rizib+ jiskaske pa t gen espwa pou pèp la jwenn gerizon ankò, jiskaske Jewova te vin an kòlè anpil kont pèp li a+.
-
-
Dànyèl 9:11Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
11 Tout pèp Izrayèl la pa t respekte Lwa ou te bay la, yo te fè wout pa yo, yo pa t obeyi sa w di. Se sa k fè, ou menm vrè Dye a, ou te lage malediksyon sou nou pou w te respekte sèman ou te fè ki ekri nan Lwa Moyiz, sèvitè w la+, paske nou te peche kont ou.
-