BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • 2 Kwonik 36:15, 16
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 15 Jewova, Bondye zansèt yo a, te kontinye voye moun kote yo pou ba yo avètisman. Li pa t sispann ba yo avètisman paske li te gen pitye pou pèp li a e pou kay kote li te abite a. 16 Men, yo te konn pase moun vrè Dye a te voye yo nan jwèt+, yo te meprize sa l te voye di yo a+ e yo te pase pwofèt li yo nan rizib+ jiskaske pa t gen espwa pou pèp la jwenn gerizon ankò, jiskaske Jewova te vin an kòlè anpil kont pèp li a+.

  • Neyemi 9:33
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 33 Ou toujou montre w jis malgre tout sa ki rive nou, paske ou aji yon fason ki fidèl. Men, nou menm, nou aji ak mechanste+.

  • Dànyèl 9:7
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 7 Se ou menm, o Jewova, ki fè sa ki dwat, men jodi a, lawont kouvri figi nou, figi moun Jida yo, moun Jerizalèm yo ak tout moun nan pèp Izrayèl la, ni moun ki toupre ni moun ki byen lwen, nan tout peyi kote ou te gaye yo, paske nou pa t fidèl avè w+.

  • Dànyèl 9:16
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 16 O Jewova, ou menm ki toujou fè sa ki dwat+, tanpri, pa lage kòlè w sou Jerizalèm, vil ou a, mòn ou an ki sakre a. Paske, akoz peche nou yo ak peche zansèt nou yo, tout moun ki ozalantou nou pase Jerizalèm ak pèp ou a nan rizib+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje