BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Levitik 26:33
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 33 M ap gaye nou nan mitan nasyon yo+ e m ap fè ènmi nou yo atake nou+ ak epe yo. Peyi nou an ap vin vid+ e vil nou yo ap kraze nèt.

  • 2 Wa 24:14, 15
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 14 Li te fè tout moun Jerizalèm yo al ann egzil, tout moun ki gen gwo pozisyon nan palè l la*+, tout sòlda vanyan yo, tout atizan yo ak tout moun ki konn travay metal*+ yo. Antou, li te mennen 10 000 moun ann egzil. Li pa t kite pèsonn dèyè. Se sèlman moun ki te pi pòv yo li te kite nan peyi a+. 15 Li te mennen Jewoyakin+ ann egzil nan Babilòn+. Li te mennen manman wa a, madanm wa a te genyen yo, fonksyonè ki t ap travay nan gouvènman l yo ak moun ki te pi enpòtan ki te gen nan peyi a ann egzil tou. Li te fè yo kite Jerizalèm pou y al Babilòn.

  • 2 Wa 25:21
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 21 Wa Babilòn nan touye yo Ribla, nan Amat+. Se konsa yo te fè moun Jida yo kite peyi yo a pou y al ann egzil+.

  • Jeremi 39:9
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 9 Epi Nebouzaradan+, chèf gad yo, mennen tout moun ki te rete nan vil la ann egzil Babilòn ansanm ak moun ki t al rann tèt yo ba li yo ak nenpòt lòt moun ki te rete.

  • Jeremi 52:27
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 27 Wa Babilòn nan touye yo Ribla+, nan Amat. Se konsa yo te fè moun Jida yo kite peyi yo a pou y al ann egzil+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje