-
2 Kwonik 7:6Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
6 Prèt yo te rete nan plas yo pou yo fè sèvis yo, menm jan ak Levit ki t ap chante pou Jewova yo pandan yo t ap jwe enstriman yo te gen nan men yo+. (Se wa David ki te fè enstriman sa yo pou yo itilize yo pou yo di Jewova mèsi “paske lanmou fidèl li genyen an ap la pou toutan”. Li te fè yo lè li te konn ap louwe Bondye bò kote yo*.) Prèt yo te devan Levit yo e yo t ap sonnen twonpèt yo byen fò+, pandan tout Izrayelit yo te rete kanpe.
-
-
2 Kwonik 29:25, 26Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
25 Pandan tan sa a, wa Ezekyas te fè Levit yo pran pozisyon nan kay Jewova a avèk senbal, hap*+ ak lòt enstriman akòd nan men yo, dapre lòd David+ ak Gad+, mesye ki te konn fè wa a konnen vizyon Bondye yo, e dapre lòd Natan+, pwofèt la. Paske, se Jewova ki te bay lòd sa a pa mwayen pwofèt li yo. 26 Levit yo te kanpe avèk enstriman mizik David te fè yo, e prèt yo yo menm te gen twonpèt yo nan men yo+.
-