29 Nan epòk Peka, wa Izrayèl la, t ap dirije a, Tiglatpilesè, wa Asiri a+, te atake Ijon, Abèlbètmaka+, Janowa, Kedès+, Azò, Galaad+, Galile ak tout tèritwa Neftali a+ e li pran yo. Li te mennen moun ki t ap viv kote sa yo ann egzil nan peyi Asiri+.
6 Nan nevyèm ane rèy Oze a, wa Asiri a te pran Samari+. Apre sa, li mennen moun Izrayèl yo ann egzil+ nan peyi Asiri e li fè yo rete Ala ak Abò, toupre Rivyè Gozan+, ak nan vil moun Medi yo+.