BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Detewonòm 28:49, 50
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 49 “Jewova ap fè yon nasyon ki soti byen lwen vin atake nou+, yon nasyon ki soti nan dènye bout tè a ki pral fonse sou nou tankou èg+, yon nasyon ki pale yon lang nou pa konprann+, 50 yon nasyon figi moun yo make mechan, ki pap gen okenn respè pou granmoun, ni ki pap gen pitye pou timoun+.

  • 2 Wa 15:29
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 29 Nan epòk Peka, wa Izrayèl la, t ap dirije a, Tiglatpilesè, wa Asiri a+, te atake Ijon, Abèlbètmaka+, Janowa, Kedès+, Azò, Galaad+, Galile ak tout tèritwa Neftali a+ e li pran yo. Li te mennen moun ki t ap viv kote sa yo ann egzil nan peyi Asiri+.

  • 2 Wa 17:6
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 6 Nan nevyèm ane rèy Oze a, wa Asiri a te pran Samari+. Apre sa, li mennen moun Izrayèl yo ann egzil+ nan peyi Asiri e li fè yo rete Ala ak Abò, toupre Rivyè Gozan+, ak nan vil moun Medi yo+.

  • Ezayi 7:20
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 20 “Jou sa a, Jewova ap sèvi ak razwa Ahaz te lwe nan zòn Rivyè a*, l ap sèvi ak wa Asiri a+ pou l kale tèt peyi Jida, pou l retire plim nan pye l, e razwa a ap fè bab li tou.

  • Ezayi 8:4
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 4 paske anvan tigason an konn di ‘papa’ ak ‘manman’, y ap pote tout sa ki nan Damas ak sa moun pran nan Samari yo ale devan je wa Asiri a+.”

  • Ezayi 10:5, 6
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    •  5 Men sa l di: “Gade! Men moun Asiri a+!

      Li se baton m ap itilize pou m montre kòlè m+,

      E m ap itilize baton ki nan men l lan pou m bay pinisyon.

       6 M ap voye l kont yon nasyon ki vire do ban mwen+,

      Kont pèp ki fè m an kòlè a.

      M ap ba l lòd pou l met men sou anpil byen, pou l piye anpil bagay

      E pou l mache sou yo kòmsi se sou labou ki nan lari+.

  • Oze 10:6
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    •  6 Yo pral Asiri ak estati a pou yo fè yon gran wa kado+.

      Y ap fè Efrayim wont,

      E Izrayèl ap wont akoz konsèy li te koute a+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje