-
Jeremi 31:6Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
6 Paske, gen yon jou k ap vini kote moun k ap veye sou mòn Efrayim yo ap rele byen fò:
‘Ann ale, ann monte Siyon bò kot Jewova, Bondye nou an+.’”
-
-
Zakari 8:20, 21Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
20 “Men sa mwen menm, Jewova, Chèf lame yo, di: ‘Pral gen anpil pèp e pral gen moun ki rete nan anpil vil k ap vini. 21 Epi, moun ki rete nan yon vil pral kote moun ki rete nan yon lòt vil e y ap di yo: “Ann al fè siplikasyon ak tout kè nou pou nou jwenn favè Jewova* e ann al chèche Jewova, Chèf lame yo, ak tout kè nou. Nou menm tou, nou prale+.”
-