-
Detewonòm 23:25Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
25 “Si n al nan jaden pwochen nou ki gen danre ki poko rekòlte, nou ka kase kèk grap ak men nou, men nou pa gendwa pase sèpèt nou nan pye danre pwochen nou yo+.
-
-
Mak 2:23-28Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
23 Twouve, yon jou saba, pandan li t ap pase nan mitan kèk jaden ble ansanm ak disip li yo, disip yo kase kèk grap ble+. 24 Lè sa a, Farizyen yo di l: “Gade sa! Poukisa y ap fè yon bagay yo pa gen dwa fè nan jou saba a?” 25 Men, li di yo: “Nou pa janm li sa David te fè lè li menm ak mesye ki te ansanm avè l yo te vin nan nesesite e yo te grangou+? 26 Nou pa t li nan istwa sou Abyata+, prèt an chèf la, jan David te antre nan kay Bondye a, li te manje pen yo te konn prezante devan Bondye yo, epi li te bay mesye ki te avè l yo kèk ladan yo tou, alòske pèsonn pa t gen dwa manje yo, eksepte prèt yo+?” 27 Apre sa, li di yo: “Se saba ki te vin egziste pou lòm+, men se pa lòm ki te vin egziste pou saba. 28 Kidonk, Pitit lòm nan se Seyè ata saba+.”
-
-
Lik 6:1-5Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
6 Twouve, yon jou saba, pandan li t ap pase nan mitan kèk jaden ble, disip li yo kase kèk grap ble+, yo fwote yo nan men yo e yo manje yo+. 2 Gen kèk Farizyen, lè yo wè sa, yo di: “Poukisa n ap fè yon bagay moun pa gen dwa fè nan jou saba a+?” 3 Men, Jezi reponn yo: “Nou pa janm li sa David te fè lè li menm ak mesye ki te ansanm avè l yo te grangou+? 4 Li te antre nan kay Bondye a, yo te ba l pen yo te konn prezante devan Bondye yo, li te manje e li te bay mesye ki te avè l yo kèk ladan yo, alòske se prèt yo sèlman ki gen dwa manje yo+.” 5 Apre sa, Jezi di yo: “Pitit lòm nan se Seyè saba a+.”
-