7 Men, Jewova di Samyèl: “Pa gade sou aparans li ak wotè l+, mwen pa chwazi l. Paske fason lòm wè bagay yo se pa konsa Bondye wè yo. Lòm wè sa je l ba li, men Jewova li menm, li wè sa k nan kè yon moun+.”
9 “E ou menm, Salomon, pitit gason m, se pou w chèche byen konnen Bondye papa w la, se pou w sèvi l ak tout kè w+ e se pou w pran plezi nan li, paske Jewova egzamine kè tout moun+ e li konnen panse yo ak entansyon yo+. Si w chèche l, l ap kite w jwenn li+, men si w kite l, l ap rejte w pou toutan+.