5 Mwen te wè yon miray ki te antoure tanp lan pa deyò. Mesye a te gen yon wozo pou mezire nan men l e longè wozo a se te sis koude (sou chak koude, yo te ajoute lajè kat dwèt). Mesye a te kòmanse mezire miray la. Lajè miray la se te yon wozo e wotè l se te yon wozo.