BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Levitik 24
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

Levitik — Sa ki gen nan liv sa a

      • Luil pou lanp ki nan tabènak la (1-4)

      • Pen yo prezante devan Bondye yo (5-9)

      • Yo touye moun ki derespekte non Bondye ak kout wòch (10-23)

Levitik 24:2

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 27:20, 21; Nb 8:2

Levitik 24:4

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 25:31; 39:33, 37; Eb 9:2

Levitik 24:5

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “anviwon sèt ti mamit”. Yon efa egal 22 lit. Gade Apendis B14.

Levitik 24:6

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 40:22, 23; 1Sa 21:4; Mk 2:25, 26
  • +Eg 25:23, 24; 1Wa 7:48

Levitik 24:7

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 2:2; 6:15

Levitik 24:8

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 4:7; 1Kw 9:32; 2Kw 2:4

Levitik 24:9

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 21:22; 22:10; 1Sa 21:4, 6; Mt 12:3, 4; Lk 6:3, 4
  • +Le 6:14, 16

Levitik 24:10

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 12:38; Nb 11:4

Levitik 24:11

Nòt anba paj

  • *

    Anpalan de non Bondye, Jewova, jan vèsè 15 ak vèsè 16 la montre sa.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 20:7; 22:28; Le 19:12
  • +Eg 18:22

Levitik 24:12

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 18:15, 16; Nb 15:32, 34

Levitik 24:14

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 15:32, 35; Dt 17:7

Levitik 24:16

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 5:11

Levitik 24:17

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “frape nanm yon moun jis li mouri”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 9:6; Eg 21:12; Nb 35:31; Dt 19:11-13

Levitik 24:18

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “frape nanm yon bèt jis li mouri”.

  • *

    Oswa: “nanm pou nanm”.

Levitik 24:19

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 21:23, 24

Levitik 24:20

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 19:21; Mt 5:38

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    1/10/2009, p. 22

Levitik 24:21

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 22:1
  • +Jen 9:6; Eg 21:12

Levitik 24:22

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 12:49; Le 17:10; 19:34; Nb 9:14; 15:16

Levitik 24:23

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 15:33, 36; Dt 17:7

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

Lev. 24:2Eg 27:20, 21; Nb 8:2
Lev. 24:4Eg 25:31; 39:33, 37; Eb 9:2
Lev. 24:6Eg 40:22, 23; 1Sa 21:4; Mk 2:25, 26
Lev. 24:6Eg 25:23, 24; 1Wa 7:48
Lev. 24:7Le 2:2; 6:15
Lev. 24:8Nb 4:7; 1Kw 9:32; 2Kw 2:4
Lev. 24:9Le 21:22; 22:10; 1Sa 21:4, 6; Mt 12:3, 4; Lk 6:3, 4
Lev. 24:9Le 6:14, 16
Lev. 24:10Eg 12:38; Nb 11:4
Lev. 24:11Eg 20:7; 22:28; Le 19:12
Lev. 24:11Eg 18:22
Lev. 24:12Eg 18:15, 16; Nb 15:32, 34
Lev. 24:14Nb 15:32, 35; Dt 17:7
Lev. 24:16Dt 5:11
Lev. 24:17Jen 9:6; Eg 21:12; Nb 35:31; Dt 19:11-13
Lev. 24:19Eg 21:23, 24
Lev. 24:20Dt 19:21; Mt 5:38
Lev. 24:21Eg 22:1
Lev. 24:21Jen 9:6; Eg 21:12
Lev. 24:22Eg 12:49; Le 17:10; 19:34; Nb 9:14; 15:16
Lev. 24:23Nb 15:33, 36; Dt 17:7
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
  • 23
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Levitik 24:1-23

Levitik

24 Jewova kontinye pale ak Moyiz, li di l: 2 “Bay Izrayelit yo lòd pou yo pote bon luil pou lanp yo, luil ki fèt ak oliv yo bat, yon fason pou lanp yo ka toujou rete limen+. 3 Chak swa, Arawon ap limen lanp yo e l ap veye pou yo toujou rete limen devan Jewova pou jis nan maten, pa devan rido ki toupre lach alyans lan, anndan tant reyinyon an. Se yon kòmandman nou dwe toujou obeyi, jenerasyon apre jenerasyon. 4 L ap toujou met lanp yo nan plas yo devan Jewova sou pòtlanp lan+ ki fèt ak bon lò.

5 “W ap pran bon farin pou w fè 12 pen ki won e ki gen yon twou nan mitan yo. Chak pen ap fèt ak de dizyèm efa* farin. 6 W ap fè pen yo fè de pil, sis pen nan chak pil+. W ap mete yo devan Jewova sou tab la ki fèt ak bon lò+. 7 W ap met lansan blan sou chak pil pen, e se li y ap boule nan plas pen yo kòm yon echantiyon+ pou Jewova. 8 Chak saba, l ap ranje yo devan Jewova+. Se yon alyans mwen fè ak Izrayelit yo ki la pou lontan. 9 Y ap pou Arawon ak pitit gason l yo+, e y ap manje yo yon kote ki sakre+, paske se yon bagay ki sen anpil pou li ki sot nan ofrann ki boule nan dife pou Jewova yo. Se yon kòmandman yo dwe obeyi pandan lontan.”

10 Twouve, pitit gason yon fi Izrayelit te fè ak yon Ejipsyen+ te pran goumen ak yon lòt gason nan kan an ki te Izrayelit. 11 Pitit gason fi Izrayelit la te kòmanse derespekte Non an*, li te kòmanse pale l mal+. Sa yo fè, yo pran l, yo mennen l kot Moyiz+. Manman misye te rele Chelomit, pitit fi Dibri, moun tribi Dann. 12 Yo mete misye yon kote pou yo veye l annatandan Jewova di yo sa pou yo fè avè l+.

13 Apre sa, Jewova di Moyiz: 14 “Soti pa deyò kan an ak mesye ki te pale Bondye mal la. Tout moun ki te tande l yo dwe met men sou tèt li, epi, tout pèp la ap kalonnen l ak kout wòch jiskaske l mouri+. 15 Apre sa, men sa w ap di Izrayelit yo: ‘Nenpòt moun ki pale Bondye mal dwe peye pou peche l fè a. 16 San mank, yo dwe touye moun sa a ki derespekte non Jewova. Tout pèp la dwe kalonnen l ak kout wòch jiskaske l mouri+. Kit se yon etranje k ap viv nan mitan nou, kit se yon Izrayelit, nou dwe touye l depi l derespekte non Bondye.

17 “‘Si yon moun touye yon moun*, yo dwe touye moun sa a tou san mank+. 18 Si yon moun frape yon bèt ki pa pou li e li touye l*, li dwe remèt bèt la. Se vi pou vi*. 19 Si yon moun blese yon pwochen l, yo dwe fè l menm sa li fè pwochen l lan+. 20 Zo kase pou zo kase, je pou je, dan pou dan. Sa li fè pwochen l lan, se sa y ap fè l tou+. 21 Yon moun ki frape yon bèt ki pa pou li e ki touye l dwe remèt bèt la+, men yon moun ki frape yon moun e ki touye l, se touye yo dwe touye l+.

22 “‘Se menm lwa a k ap genyen pou nou tout, kit se pou yon etranje k ap viv nan mitan nou kit se pou yon Izrayelit+, paske mwen se Jewova, Bondye nou an.’”

23 Apre sa, Moyiz pale ak Izrayelit yo e yo soti pa deyò kan an ak mesye ki te derespekte Bondye a, yo kalonnen l ak kout wòch jiskaske l mouri+. Konsa, Izrayelit yo te fè egzakteman sa Jewova te bay Moyiz lòd pou yo fè a.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje