Amòs
4 “Tande pawòl sa a, nou menm gazèl bèf nan Bazan yo,
Nou menm ki nan mòn Samari a+,
Nou menm medam k ap dechèpiye malere yo+ e k ap kraze moun ki pòv yo,
Nou menm k ap di mari* nou: ‘Pote yon gwòg ban nou pou nou bwè.’
2 Jewova, Seyè ki Souvren an, Sila a ki sen an, fè sèman*, li di:
‘“Gade! Gen jou k ap vini sou nou kote yo pral leve nou anlè ak kwòk bouche yo konn sèvi yo,
E y ap leve rès moun pami nou yo anlè ak zen yo konn kenbe pwason yo.
3 N ap pase nan twou ki nan miray la pou nou ale, chak moun pral dwat devan l.
E y ap voye nou jete nan Hamon*.” Se sa Jewova di.’
4 ‘Vin Betèl pou nou fè peche*+,
Vin Gilgal pou nou fè plis peche toujou+.
Pote sakrifis n ap fè yo+ nan maten,
Epi, pote yon dizyèm nan sa nou genyen yo+ sou twazyèm jou a.
5 Kòm ofrann, boule yon pen ki gen ledven pou n di Bondye mèsi+.
Pale byen fò pou n fè konnen ofrann nou fè ak tout kè nou yo.
Paske, se sa nou renmen fè, o pèp Izrayèl.’ Se sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di.
6 ‘Mwen menm, mwen te fè nou grangou, e nou pa t gen manje pou n manje* nan tout vil nou yo,
E mwen te fè pa gen pen nan tout kay nou yo+.
Malgre sa, nou pa t retounen vin jwenn mwen+.’ Se sa Jewova di.
7 ‘Epitou, mwen te fè nou fè twa mwa san lapli anvan rekòt la+.
Mwen te fè lapli tonbe nan yon vil, men mwen pa t fè l tonbe nan yon lòt vil.
Yon pòsyon tè te jwenn lapli,
Alòske yon lòt pòsyon tè ki pa t jwenn lapli te vin sèch.
8 Moun nan de oubyen twa vil t ap balanse de bò pou yo t al chèche dlo pou yo bwè nan yon lòt vil+,
Yo pa t jwenn dlo pou pase swaf yo.
Malgre sa, yo pa t retounen vin jwenn mwen+.’ Se sa Jewova di.
9 ‘Mwen te fè chalè fè jaden nou yo vin fennen e mwen te lage pichon sou yo+.
Epi, nou te vin gen anpil jaden rezen ak lòt kalite jaden,
Men, krikèt te ravaje pye fig frans nou yo ak pye oliv nou yo+.
Malgre sa, nou te toujou pa retounen vin jwenn mwen+.’ Se sa Jewova di.
10 ‘Mwen te voye yon flewo nan mitan nou, tankou sa m te lage sou peyi Ejip la+.
Mwen te touye jèn mesye nou yo ak kout epe+ e mwen te pran cheval nou yo+.
Mwen te fè move sant ki nan kan nou yo monte nan twou nen nou+.
Malgre sa, nou pa t retounen vin jwenn mwen.’ Se sa Jewova di.
11 ‘Mwen te fè yon ravaj nan mitan nou
Menm jan m te fè ravaj nan Sodòm ak Gomò a+.
E nou te tankou yon bout bwa yo retire nan dife.
Malgre sa, nou pa t retounen vin jwenn mwen+.’ Se sa Jewova di.
12 Se sa k fè mwen pral pini nou ankò, o pèp Izrayèl.
Piske se sa mwen pral fè nou,
Prepare nou pou nou jwenn ak Bondye nou an, o pèp Izrayèl.