BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Levitik 21
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

Levitik — Sa ki gen nan liv sa a

      • Prèt yo dwe sen e yo dwe pwòp (1-9)

      • Gran prèt la pa dwe sal tèt li (10-15)

      • Prèt yo pa dwe gen okenn domaj (16-24)

Levitik 21:1

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “nanm”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 19:14

Levitik 21:5

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 14:1
  • +Le 19:27, 28

Levitik 21:6

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 29:44
  • +Le 18:21; 19:12; 22:32
  • +Eza 52:11; 1P 1:15, 16

Levitik 21:7

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 19:29
  • +Dt 24:1; Eze 44:22

Levitik 21:8

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 28:41
  • +Eg 28:36; Le 11:45; 20:7, 8

Levitik 21:9

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 20:14

Levitik 21:10

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “e yo te plen men l”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 8:12
  • +Eg 28:2; 29:29; Le 16:32
  • +Jen 37:34; Le 10:6

Levitik 21:11

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “okenn nanm ki mouri”. La a, mo ebre a, nèfèch, makònen ak yon lòt mo ebre ki gen sans “mouri”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 6:7; 19:11, 14

Levitik 21:12

Nòt anba paj

  • *

    Gade Lis mo yo esplike yo.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 10:7
  • +Le 8:12

Levitik 21:13

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 44:22

Levitik 21:15

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “desandans”. Lit.: “semans”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Esd 9:2

Levitik 21:17

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “semans ou”.

Levitik 21:18

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “ki gen nen l fann”.

Levitik 21:20

Nòt anba paj

  • *

    Se kapab tou: “yon moun ki chèch anpil”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 23:1

Levitik 21:21

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “semans”.

Levitik 21:22

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 2:10; 6:14, 16; 24:8, 9; Nb 18:9
  • +Le 22:10; Nb 18:19

Levitik 21:23

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 30:6
  • +Eg 38:1
  • +Eg 25:8
  • +Eg 28:41

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

Lev. 21:1Nb 19:14
Lev. 21:5Dt 14:1
Lev. 21:5Le 19:27, 28
Lev. 21:6Eg 29:44
Lev. 21:6Le 18:21; 19:12; 22:32
Lev. 21:6Eza 52:11; 1P 1:15, 16
Lev. 21:7Le 19:29
Lev. 21:7Dt 24:1; Eze 44:22
Lev. 21:8Eg 28:41
Lev. 21:8Eg 28:36; Le 11:45; 20:7, 8
Lev. 21:9Le 20:14
Lev. 21:10Le 8:12
Lev. 21:10Eg 28:2; 29:29; Le 16:32
Lev. 21:10Jen 37:34; Le 10:6
Lev. 21:11Nb 6:7; 19:11, 14
Lev. 21:12Le 10:7
Lev. 21:12Le 8:12
Lev. 21:13Eze 44:22
Lev. 21:15Esd 9:2
Lev. 21:20Dt 23:1
Lev. 21:22Le 2:10; 6:14, 16; 24:8, 9; Nb 18:9
Lev. 21:22Le 22:10; Nb 18:19
Lev. 21:23Eg 30:6
Lev. 21:23Eg 38:1
Lev. 21:23Eg 25:8
Lev. 21:23Eg 28:41
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
  • 23
  • 24
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Levitik 21:1-24

Levitik

21 Apre sa, Jewova di Moyiz: “Pale ak prèt yo, pitit gason Arawon yo. E men sa w ap di yo: ‘Okenn prèt pa dwe fè tèt li vin pa pwòp pou yon moun* nan pèp Izrayèl la ki mouri+. 2 Men, li ka dakò pou l vin pa pwòp si moun nan se yon fanmi pre l, si se manman l, papa l, pitit gason l, pitit fi l, frè l, 3 oswa sè l, si sè l la vyèj toujou, l ap viv bò kote l e li poko marye. 4 Li pa dwe fè tèt li vin pa pwòp e l pa dwe kontamine tèt li pou yon fi ki marye ak yon moun nan pèp la. 5 Prèt yo pa dwe kale tèt yo+, yo pa dwe koupe bab ki sou bò figi yo ni yo pa dwe filange kò yo+. 6 Yo dwe sen nan je Bondye yo a+ e yo pa dwe derespekte non Bondye+. Paske, se yo k ap prezante sakrifis y ap boule nan dife yo devan Jewova, manje y ap ofri Bondye yo a. Yo dwe sen+. 7 Prèt yo pa dwe marye ak pwostitye+, yo pa dwe marye ni ak fi ki kouche ak gason deja, ni ak fi ki divòse ak mari yo+, paske prèt yo sen nan je Bondye yo a. 8 Nou dwe konsidere prèt la kòm yon moun ki sen+, paske se li k ap prezante ofrann manje yo devan Bondye nou an. Nou dwe konsidere l kòm yon moun ki sen, paske mwen menm, Jewova, Sila a ki mete nou apa a, mwen sen+.

9 “‘Si pitit fi yon prèt vin yon pwostitye, l ap avili tèt li e l ap avili papa l tou. Yo dwe touye l epi yo dwe boule l nan dife+.

10 “‘Moun ki gran prèt pami frè l yo, sila a yo te vide luil onksyon sou tèt li+ e yo te mete l nan fonksyon l* pou l ka mete rad espesyal prèt yo sou li a+, pa dwe kite tèt li san penyen, ni li pa dwe chire rad sou li+. 11 Li pa dwe pwoche bò kote okenn moun ki mouri*+. Li pa dwe fè tèt li vin pa pwòp menm pou papa l oswa manman l. 12 Li pa dwe kite kote ki sakre a e li pa dwe derespekte tabènak* Bondye l la+, paske li gen yon siy sou li ki montre Bondye chwazi l: luil onksyon Bondye l la+. Mwen se Jewova.

13 “‘Se ak yon fi ki vyèj li dwe marye+. 14 Li pa dwe marye ak yon fi ki vèv, oubyen ki divòse. Li pa dwe marye ni ak yon fi ki kouche ak gason deja, ni ak yon pwostitye. Se yon fi ki vyèj li dwe pran kòm madanm nan mitan pèp li a. 15 Li pa dwe aji yon fason k ap fè pitit* li pa ka vin prèt, paske se mwen menm, Jewova, ki mete l apa+.’”

16 Apre sa, Jewova di Moyiz: 17 “Men sa pou w di Arawon: ‘Jenerasyon apre jenerasyon, okenn nan desandan w yo* ki gen yon domaj pap ka pwoche pou yo prezante ofrann manje yo devan Bondye. 18 Yon gason pap ka prezante ofrann si li gen yon domaj tankou li avèg, oubyen li bwete, oubyen li gen yon domaj nan figi*, oubyen li gen yon manm ki pi long pase lòt, 19 oubyen li gen yon pye oswa yon men ki kase, 20 oubyen li gen boul nan do, li se yon nen*, li gen yon maladi je, li gen egzema, oubyen li gen dat oswa li domaje nan grenn li yo+. 21 Kèlkeswa gason ki desandan* Arawon, prèt la, e ki gen yon domaj, li pap ka pwoche devan lotèl la pou l ofri Jewova sakrifis yo boule nan dife. Piske li gen yon domaj, li pap ka pwoche pou l prezante ofrann manje devan Bondye. 22 Li kapab manje nan manje yo bay Bondye kòm ofrann yo, kit se nan sa ki pi sakre yo+, kit se nan sa ki sakre yo+. 23 Men, li pa ka antre toupre rido a+ e li pa dwe pwoche toupre lotèl la+, paske li gen yon domaj. Li pa dwe montre l pa gen respè pou kote ki sakre+ ki pou mwen an, paske mwen se Jewova, Sila a ki mete yo apa a+.’”

24 Moyiz te di Arawon ak pitit li yo ak tout Izrayelit yo tout pawòl sa yo.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje