BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Dànyèl 6
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

Dànyèl — Sa ki gen nan liv sa a

      • Gwo otorite yo nan wayòm Pès la fè konplo sou Dànyèl (1-9)

      • Dànyèl kontinye priye (10-15)

      • Yo lage Dànyèl nan twou ki gen lyon yo (16-24)

      • Wa Dariyis mande pou moun gen lakrentif pou Bondye Dànyèl la (25-28)

Dànyèl 6:1

Nòt anba paj

  • *

    Tit sa a vle di “moun k ap pwoteje wayòm nan”. Y ap pale la a de gouvènè tèritwa ki nan wayòm Pès yo.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Est 1:1; Dn 9:1

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Tradiksyon monn nouvo a, p. 1711

Dànyèl 6:2

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 2:48; 5:29
  • +Esd 8:36; Est 8:9; Dn 3:2

Dànyèl 6:3

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 1:17, 20; 5:12

Dànyèl 6:5

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Est 3:8

Dànyèl 6:7

Nòt anba paj

  • *

    Se moun ki reprezante yon gouvènman nan tèritwa kote yo ye.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 3:6

Dànyèl 6:8

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Est 3:12; 8:10
  • +Est 1:19; 8:8

Dànyèl 6:10

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 8:44, 45

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad etid,

    2/2018, p. 10-11

    Toudegad,

    1/9/2007, p. 20

Dànyèl 6:12

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Est 8:8; Dn 6:7, 8

Dànyèl 6:13

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 1:3, 6; 2:25; 5:13
  • +Est 3:8; Dn 6:10

Dànyèl 6:15

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Est 8:8; Dn 6:8

Dànyèl 6:16

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 6:7; Eb 11:32, 33

Dànyèl 6:18

Nòt anba paj

  • *

    Se kapab tou: “li pa t aksepte yo mennen mizisyen vin jwe pou li”.

Dànyèl 6:22

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 17:37; Eb 11:32, 33
  • +Sm 34:7; 118:5; Dn 3:28

Dànyèl 6:23

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sm 37:40; Pw 18:10; Dn 3:26, 27

Dànyèl 6:24

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “ki te pale sou do”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Est 7:10

Dànyèl 6:25

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Est 8:9; Dn 4:1

Dànyèl 6:26

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “e li se Souvren”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 3:29
  • +Dn 4:34

Dànyèl 6:27

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 3:28
  • +Jr 32:20; Dn 4:3

Dànyèl 6:28

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 5:31; 6:1, 2
  • +2Kw 36:22, 23; Esd 1:1, 2; Eza 44:28

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

Dàn. 6:1Est 1:1; Dn 9:1
Dàn. 6:2Dn 2:48; 5:29
Dàn. 6:2Esd 8:36; Est 8:9; Dn 3:2
Dàn. 6:3Dn 1:17, 20; 5:12
Dàn. 6:5Est 3:8
Dàn. 6:7Dn 3:6
Dàn. 6:8Est 3:12; 8:10
Dàn. 6:8Est 1:19; 8:8
Dàn. 6:101Wa 8:44, 45
Dàn. 6:12Est 8:8; Dn 6:7, 8
Dàn. 6:13Dn 1:3, 6; 2:25; 5:13
Dàn. 6:13Est 3:8; Dn 6:10
Dàn. 6:15Est 8:8; Dn 6:8
Dàn. 6:16Dn 6:7; Eb 11:32, 33
Dàn. 6:221Sa 17:37; Eb 11:32, 33
Dàn. 6:22Sm 34:7; 118:5; Dn 3:28
Dàn. 6:23Sm 37:40; Pw 18:10; Dn 3:26, 27
Dàn. 6:24Est 7:10
Dàn. 6:25Est 8:9; Dn 4:1
Dàn. 6:26Dn 3:29
Dàn. 6:26Dn 4:34
Dàn. 6:27Dn 3:28
Dàn. 6:27Jr 32:20; Dn 4:3
Dàn. 6:28Dn 5:31; 6:1, 2
Dàn. 6:282Kw 36:22, 23; Esd 1:1, 2; Eza 44:28
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
  • 23
  • 24
  • 25
  • 26
  • 27
  • 28
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Dànyèl 6:1-28

Dànyèl

6 Dariyis te wè se yon bon bagay pou l chwazi 120 satrap* met nan tout wayòm nan+. 2 Te gen twa moun ki nan gwo pozisyon alatèt yo. Dànyèl se te youn ladan yo+. Satrap yo+ te gen pou ba yo rapò sou tout bagay nèt pou yo te ka pwoteje byen wa a te genyen. 3 Twouve, Dànyèl te pi fò pase lòt mesye ki te nan gwo pozisyon yo ak satrap yo paske li te gen yon entèlijans estrawòdinè+, e wa a te vle ba l otorite sou tout bagay nan wayòm nan.

4 Lè sa a, moun ki nan gwo pozisyon yo ak satrap yo t ap chèche jwenn kèk fay nan fason Dànyèl fè travay li nan wayòm nan pou yo ka akize l. Men, yo pa t ka jwenn okenn fay ak anyen mal nan li, paske li te onèt, li pa t fè okenn neglijans e li pa t nan magouy. 5 Se sa k fè mesye yo di: “Nou pap jwenn okenn fay nan Dànyèl pou nou akize l, sof si nou jwenn yon bagay ki gen rapò ak lwa Bondye l la+ kont li.”

6 Konsa, mesye sa yo ki te nan gwo pozisyon ansanm ak satrap yo te fè yon gwoup, epi yo t al kot wa a, yo di l: “O wa Dariyis, se pou w viv pou toutan! 7 Tout moun ki nan gwo pozisyon yo, delege yo*, satrap yo, konseye wa a genyen yo ak gouvènè yo te met tèt yo ansanm pou yo fè yon dekrè e pou yo bay yon entèdiksyon ki fè konnen nenpòt moun ki priye yon dye oswa yon lòt moun apa ou menm, pandan 30 jou, o monwa, yo dwe lage l nan twou lyon an+. 8 Kounye a, monwa, se pou w bay dekrè a e se pou w siyen l+ pou yo pa ka chanje l, paske pa gen moun ki ka anile lwa peyi Medi ak peyi Pès yo+.”

9 Se konsa, wa Dariyis te siyen dekrè a ak entèdiksyon an.

10 Men, kou Dànyèl aprann wa a siyen dekrè a, li t al lakay li, e fenèt chanm li ki te anlè te ouvri nan direksyon Jerizalèm+. Epi, twa fwa pa jou, li te konn met ajenou pou l priye Bondye l la e pou l ba l louwanj, jan l te konn fè sa anvan. 11 Lè sa a, mesye yo kouri antre kay Dànyèl e yo jwenn li k ap priye Bondye l la pou l mande l favè l.

12 Se sa k fè yo t al kot wa a pou yo fè l sonje entèdiksyon li te bay la, yo di l: “Monwa, èske w pa t siyen yon entèdiksyon kote w te mande pou pèsonn pa priye yon dye oswa yon lòt moun apa ou menm, pandan 30 jou, e si yon moun ta fè sa, yo ta dwe lage l nan twou lyon an?” Wa a reponn: “Se yon lòd klè yo bay dapre lwa peyi Medi ak peyi Pès e pèsonn pa ka chanje l+.” 13 Menm kote a, yo di wa a: “O monwa, Dànyèl, youn nan moun ki ann egzil ki sot Jida yo+, pa gen okenn respè pou ou, e li pa respekte entèdiksyon ou te siyen an. Okontrè, li priye Bondye l la twa fwa pa jou+.” 14 Kou wa a tande sa, li vin boulvèse anpil, e li te eseye reflechi pou l wè ki jan li te ka delivre Dànyèl. Li te fè tout sa l kapab pou l sove l, rive jis solèy kouche. 15 Alafen, mesye yo fè yon gwoup, yo antre kot wa a, epi yo di l: “O monwa, sonje sa, dapre lwa peyi Medi ak peyi Pès yo, pèsonn pa ka chanje entèdiksyon oswa dekrè wa a bay+.”

16 Se konsa, wa a te bay lòd pou y al pran Dànyèl pou yo lage l nan twou ki gen lyon yo+. Wa a te di Dànyèl: “Bondye w la w ap sèvi san rete a ap delivre w.” 17 Lè sa a, yo vin ak yon wòch, yo mete l sou bouch twou a, e wa a te met so sou wòch la ak bag li konn poze so a ansanm ak bag gwo potanta l yo, yon fason pou yo pa ka chanje desizyon yo te pran kont Dànyèl la.

18 Apre sa, wa a retounen nan palè a. Li pase nuit lan san manje, li pa t aksepte yo fè anyen pou amize l* e li pa t ka dòmi. 19 Alafen, kou l jou, wa a leve, li kouri al bò twou lyon an. 20 Lè wa a rive bò twou a, li rele Dànyèl ak yon vwa tris. Li mande Dànyèl: “O Dànyèl, sèvitè Bondye vivan an, èske Bondye w la w ap sèvi san rete a te rive delivre w anba lyon yo?” 21 Menm kote a, Dànyèl di wa a: “O monwa, se pou w kontinye viv pou toutan! 22 Bondye m nan te voye yon zanj li vin fèmen bouch lyon yo+, lyon yo pa t fè m anyen+, paske mwen inosan devan l, epi mwen pa t fè w anyen ki mal, monwa.”

23 Wa a te vin kontan anpil e li te bay lòd pou yo rale Dànyèl sot nan twou a. Lè yo fin rale Dànyèl sot nan twou a, yo wè anyen mal pa t rive l, paske li te met konfyans li nan Bondye l la+.

24 Lè sa a, wa a bay lòd pou yo mennen mesye ki te akize* Dànyèl yo vini, epi pou yo lage yo nan twou lyon an ansanm ak pitit yo ak madanm yo. Yo potko menm rive nan fon twou a, lyon yo te atrap yo e yo te kraze tout zo yo+.

25 Apre sa, Dariyis te ekri tout pèp yo, nasyon yo ak tout gwoup moun ki pale lòt lang ki abite toupatou sou tè a+, li di: “Mwen swete pou nou gen anpil lapè! 26 Mwen bay lòd pou moun toupatou nan wayòm mwen an gen lakrentif pou Bondye Dànyèl la+. Paske, se li ki Bondye vivan an e li la pou toutan. Yo pap janm detwi wayòm li an e l ap dirije* pou toutan+. 27 Li delivre pèp li+, li sove l, epi li fè mirak ak mèvèy ni nan syèl la, ni sou tè a+, paske li te delivre Dànyèl anba pat lyon yo.”

28 Konsa, afè Dànyèl te mache byen nan wayòm Dariyis la+ ak wayòm Siris, wa peyi Pès la+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje