Jozye
12 Men wa ki te nan peyi Izrayelit yo te pran yo, peyi yo te pran nan lès Rivyè Jouden an, soti Vale Anon+, monte Mòn Èmon+ ak tout zòn Araba a nan direksyon lès+: 2 Siyon, wa Amorit yo+, ki te abite Esbon e ki t ap dirije soti depi Awoyè+ ki te arebò Vale Anon+, epi soti depi nan mitan vale a, ak mwatye Galaad rive jis nan Vale Jabòk, ki se fwontyè desandan Amon yo. 3 Li t ap dirije tou sou Araba rive jis nan Lanmè Kinerèt*+, nan direksyon lès, e rive jis nan Lanmè Araba, sètadi Lanmè Sale*, rive nan lès nan direksyon Bètjechimòt, al nan direksyon sid, anba ti Mòn Pisga yo+.
4 Epitou, Izrayelit yo te pran tèritwa Òg+, wa Bazan an, ki te youn nan dènye moun ki te rete pami Refayim yo+, ki te abite Astawòt ak Edreyi. 5 Li t ap dirije sou Mòn Èmon, nan Salka ak nan tout zòn Bazan an+, rive jis nan fwontyè moun Gechou yo ak moun Maakat yo+, ak mwatye Galaad, rive nan tèritwa Siyon, wa Esbon an+.
6 Moyiz, sèvitè Jewova a, ansanm ak Izrayelit yo te pote laviktwa sou yo+. Apre sa, Moyiz, sèvitè Jewova a, te bay desandan Ribenn yo, desandan Gad yo ak mwatye nan tribi Manase a tèritwa yo te pran yo kòm eritaj+.
7 Jozye ak Izrayelit yo te pote laviktwa sou wa peyi ki nan lwès Rivyè Jouden an, soti Baalgad+, nan Vale Liban+, rive jis sou Mòn Alak+, ki mennen anwo Seyi+. Apre sa, Jozye te bay tribi Izrayèl yo pòsyon ki te vin pou yo+ 8 nan zòn ki gen mòn yo, nan Chefela, nan Araba, sou ti mòn yo, nan dezè a ak nan Negèb+, sa vle di peyi desandan Èt yo, peyi Amorit yo+, peyi moun Kanaran yo, peyi Perizit yo, peyi Ivit yo ak peyi moun Jebis yo+. Men wa peyi sa yo:
9 Wa Jeriko a+, wa Ayi a+ ki te abite toupre Betèl,
10 wa Jerizalèm nan, wa Ebwon an+,
11 wa Jamout lan, wa Lakis la,
12 wa Eglon an, wa Gezè a+,
13 wa Debi a+, wa Gedè a,
14 wa Òma a, wa Arad la,
15 wa Libna a+, wa Adoulam nan,
16 wa Makeda a+, wa Betèl la+,
17 wa Tapwa a, wa Efè a,
18 wa Afèk la, wa Lachawon an,
19 wa Madon an, wa Azò a+,
20 wa Chimwonmewon an, wa Akchaf la,
21 wa Tanak la, wa Megido a,
22 wa Kedès la, wa Jokneyam+ ki nan Kamèl la,
23 wa Dò ki sou ti mòn Dò yo+, wa Goyim ki nan Gilgal la
24 ak wa Titsa a. Sa te fè 31 wa antou.