Jozye
14 Ebyen, se tèritwa sa yo Eleyaza, prèt la, ak Jozye, pitit gason Noun nan, ansanm ak chèf fanmi nan tribi Izrayèl yo te bay Izrayelit yo, e se sa yo te resevwa kòm eritaj nan peyi Kanaran+. 2 Yo te resevwa eritaj yo a, selon tiraj osò yo te fè+, dapre lòd Jewova te bay Moyiz pou nèf tribi edmi yo+. 3 Moyiz te bay lòt de tribi edmi yo eritaj pa yo nan lès Rivyè Jouden an+, men li pa t bay Levit yo okenn eritaj pami yo+. 4 Twouve, yo te konte desandan Jozèf yo pou de tribi+: tribi Manase ak tribi Efrayim+. Yo pa t bay Levit yo okenn pòsyon nan eritaj tribi sa yo, sof vil pou yo abite+, kote pou yo fè patiraj pou bèt yo genyen ak kote pou yo mete byen yo+. 5 Se konsa, Izrayelit yo te separe peyi a, dapre lòd Jewova te bay Moyiz.
6 Apre sa, desandan Jida yo te pwoche kot Jozye nan Gilgal+, e Kalèb+, pitit gason Jefoune a, desandan Kenaz, te di l: “Ou konnen byen ki sa Jewova, vrè Dye a, te di+ Moyiz, sèvitè l la+, konsènan mwen menm avè w nan Kadèsbaneya+. 7 Mwen te gen 40 an lè Moyiz, sèvitè Jewova a, te voye m kòm espyon nan peyi a+, e mwen te tounen ak yon bon rapò*+. 8 Malgre frè m yo ki t ale ansanm avè m yo te lakòz pèp la dekouraje*, mwen menm, mwen te obeyi Jewova, Bondye m nan, ak tout kè m*+. 9 Jou sa a, Moyiz te fè sèman, li te di: ‘Peyi sa a nou te mete pye n ladan l lan ap vin tounen eritaj nou ak eritaj pitit nou yo pou toutan, paske nou te obeyi Jewova, Bondye m nan, ak tout kè nou+.’ 10 Kounye a, Jewova pwoteje lavi m+, jan li te pwomèt la+, pandan 45 ane ki pase depi lè Jewova te fè Moyiz pwomès sa a, nan epòk Izrayelit yo t ap mache nan dezè a+. Jis jodi a, mwen toujou la, mwen gen 85 an. 11 Jodi a, mwen djanm menm jan m te ye nan epòk Moyiz te voye m nan. Mwen toujou gen menm fòs mwen te genyen lè sa a, ni pou m fè lagè, ni pou m fè lòt aktivite. 12 Se poutèt sa, mwen mande w pou w ban m zòn sa a ki gen mòn yo Jewova te pwomèt nou nan epòk sa a. Byenke ou te aprann nan epòk sa a te gen desandan Anak yo+ ki te abite nan zòn nan nan yon seri gwo vil ki byen pwoteje+, se sèten* Jewova ap avè m+, e m ap mete yo deyò*, jan Jewova te pwomèt la+.”
13 Konsa, Jozye beni Kalèb, pitit gason Jefoune a, e li ba l Ebwon kòm eritaj+. 14 Se sa k fè Ebwon vin eritaj pa Kalèb, pitit gason Jefoune a, desandan Kenaz, jis jodi a, paske Kalèb te obeyi Jewova, Bondye Izrayèl la, ak tout kè l+. 15 Anvan sa, yo te rele Ebwon Kiriyataba+ (Aba se te pi gwo jeyan pami desandan Anak yo). Epi, te sispann gen lagè nan peyi a+.