Detewonòm
9 “Tande sa, o Izrayèl: N ap travèse Rivyè Jouden+ an jodi a pou n kapab antre sou tèritwa nasyon ki gen plis moun pase nou e ki gen plis fòs pase nou+ pou n kapab pran gwo vil ki gen miray yo rive jis nan syèl la*+, 2 pou n ka pran tèritwa pitit gason Anak yo+, yon pèp ki gen plis moun pase nou e ki pi wo pase nou. Nou konnen pèp sa a, e nou konn tande moun di: ‘Kiyès ki ka kanpe devan pitit gason Anak yo?’ 3 Se sa k fè, nou bezwen konnen Jewova, Bondye nou an, ap travèse devan nou jodi a+. Li se yon dife ki ka lakòz destriksyon+. L ap detwi yo nèt. Nou gen pou n wè jan l ap fè yo soumèt devan nou, yon fason pou n ka mete yo deyò* byen vit e pou n ka detwi yo, jan Jewova te pwomèt nou sa a+.
4 “Lè Jewova mete yo deyò devan nou, pinga nou di nan kè nou: ‘Se paske nou jis ki fè Jewova mennen nou nan peyi sa a pou l fè nou pran l kòm byen pa nou+.’ Okontrè, se paske nasyon sa yo mechan+ ki fè Jewova ap retire yo devan nou. 5 Se pa paske nou jis oswa nou se moun ki dwat ki fè n ap antre nan peyi nasyon sa yo pou n al pran yo kòm byen pa nou. Okontrè, se paske nasyon sa yo mechan ki fè Jewova, Bondye nou an, ap retire yo devan nou+, e se pou Jewova ka respekte sèman li te fè zansèt nou yo, Abraram+, Izarak+ ak Jakòb+. 6 Nou bezwen konn sa: Se pa paske nou jis ki fè Jewova, Bondye nou an, ap ban nou bon peyi sa a pou nou pran l kòm byen pa nou. Paske, nou se yon pèp ki gen tèt di+.
7 “Sonje sa, pinga nou janm bliye jan nou te fè Jewova, Bondye nou an, fache nan dezè+ a. Depi jou nou te kite peyi Ejip la jiskaske nou rive isit la, nou pa janm sispann rebele kont Jewova+. 8 Menm nan Orèb, nou te fè Jewova fache, e Jewova te pare pou l detwi nou tèlman l te fache kont nou+. 9 Lè m te monte nan mòn nan pou m al pran wòch plat yo+, wòch ki te gen pawòl alyans Jewova te fè avèk nou+ an, mwen te ret nan mòn nan pandan 40 jou, 40 nuit+. Mwen pa t manje anyen e mwen pa t bwè anyen. 10 Apre sa, Jewova te ban m de wòch plat li te ekri ak men l yo, de wòch plat ki te gen tout pawòl Jewova te di nou sou mòn nan nan dife a, lè nou te rasanble nan pye mòn nan+. 11 Apre 40 jou ak 40 nuit lan, Jewova te ban m de wòch plat yo, wòch plat ki te gen pawòl alyans lan, 12 e Jewova te di m: ‘Leve, desann mòn nan byen vit, paske pèp ou a ou te fè kite peyi Ejip la ap mal aji+. Yo gentan kite chemen m te ba yo lòd pou yo suiv la. Yo fè yon estati an metal*+.’ 13 Apre sa, Jewova te di m: ‘Mwen wè jan pèp sa a ye. Se yon pèp ki gen tèt di+. 14 Kite m detwi yo, kite m efase non yo anba syèl la e kite m fè w vin yon nasyon ki gen plis fòs pase yo e ki gen plis moun pase yo+.’
15 “Apre sa, mwen te ale, mwen te desann mòn nan ak de wòch plat ki te gen pawòl alyans lan nan men m+, pandan dife a te sou mòn nan toujou+. 16 Lè m te gade, mwen te wè nou peche kont Jewova, Bondye nou an. Nou te fè yon ti bèf an metal*. Nou pa t pran tan pou n kite chemen Jewova te ban nou lòd pou nou suiv la+. 17 Se sa k fè mwen te pran de wòch plat yo, mwen te frape yo atè ak de men m e m te kraze yo devan je nou+. 18 Lè sa a, menm jan m te fè sa premye fwa a, mwen te lage kò m fas atè devan Jewova e m te pase 40 jou, 40 nuit devan l konsa akoz tout peche nou te fè yo lè nou te fè sa ki mal nan je Jewova e nou te fè l fache. Pandan tan sa a, mwen pa t ni manje ni bwè+. 19 Mwen te pè anpil, paske Jewova te an kòlè anpil kont nou+ e li te pare pou l detwi nou. Men fwa sa a ankò, Jewova te koute m+.
20 “Jewova te tèlman fache kont Arawon, li te tou prèt pou l touye l+, men lè sa a tou, mwen te sipliye l pou l pa fè sa. 21 Apre sa, mwen te pran ti bèf la+, ti bèf nou te peche lè nou te fè l la, e m te boule l. Mwen te kraze rès ki rete a jis li tounen pousyè e m te lage pousyè a nan rivyè k ap koule desann sot nan mòn nan+.
22 “Pi devan, nou te fè Jewova fache tou lè n te rive Tabera+, lè n te Masa+ ak lè n te Kibwòtatava+. 23 Lè Jewova te mande nou kite Kadèsbaneya+ e li te di nou: ‘Monte al pran peyi mwen pap manke pa ban nou kòm byen pa nou an’, lè sa a tou, nou te rebele kont lòd Jewova, Bondye nou an+, te ban nou an. Nou pa t demontre nou gen lafwa+ nan li e nou pa t obeyi l. 24 Depi m konnen nou, nou pa sispann rebele kont Jewova.
25 “Konsa, mwen te rete fas atè devan Jewova pandan 40 jou, 40 nuit+, paske Jewova te di l ap detwi nou. 26 Mwen te pran sipliye Jewova, mwen te di l: ‘O Jewova, Seyè ki Souvren an, pa detwi pèp ou a. Se byen pa w yo ye*+. Se ou ki te delivre yo grasa pisans ou e ki te fè yo kite peyi Ejip ak fòs ponyèt ou+. 27 Sonje sèvitè w yo, Abraram, Izarak ak Jakòb+. Pa okipe pèp tèt di sa a, pa gade sou mechanste ak peche yo fè a+. 28 Si w detwi yo, moun ki nan peyi kote w te fè nou soti a ka di: “Jewova pa t ka mennen yo nan peyi li te pwomèt yo a. Se paske l te rayi yo ki fè l te fè yo kite peyi Ejip pou l touye yo nan dezè a+.” 29 Se pèp ou yo ye, se byen pa w yo ye*+. Se ak kokenn pisans ou genyen e ak fòs ponyèt ou ou te retire yo kote yo te ye a+.’