Lamantasyon
א [Alèf]
2 Gade ki jan Jewova an kòlè! Li kouvri vil Siyon ak yon nyaj nwa.
Li fè glwa Izrayèl la sot depi nan syèl la tonbe atè+.
Nan jou kòlè l la, li pa sonje ti ban li konn met pye l+ la.
ב [Bèt]
2 Jewova detwi tout kay Jakòb yo san pitye.
Li tèlman an kòlè, li vide kote ki byen pwoteje nan Jida yo* atè+.
Li lage wayòm nan+ ak prens ki ladan l yo+ atè, epi li imilye yo.
ג [Gimèl]
3 Kòlè l tèlman monte, li kraze tout fòs* Izrayèl.
Li rale men dwat li lè ènmi an vin atake+.
Li an kòlè kont Jakòb, e kòlè l tankou yon dife k ap kankannen tout sa k bò kote l+.
ד [Dalèt]
4 Li detire* banza* l tankou yon ènmi. Li ranje men dwat li tankou yon advèsè+.
Li kontinye touye tout moun ki te gen valè nan je moun+.
Epi, li vide kòlè l tankou yon dife+ yo lage nan tant vil Siyon an+.
ה [He]
5 Jewova vin tankou yon ènmi+.
Li detwi Izrayèl.
Li detwi tout fò l yo.
Li detwi tout kote ki byen pwoteje yo.
Epi, li fè gen anpil lapenn ak anpil plenyen nan Jerizalèm.
ו [Waw]
6 Li sakaje tanp li an anpil+, tankou yon kay pay ki nan yon jaden.
Li fè moun sispann fete* fèt li a+.
Jewova fè moun Siyon yo bliye ni fèt, ni saba.
Li tèlman fache, li pa gad ni wa, ni prèt+.
ז [Zayin]
7 Jewova abandone lotèl li a.
Li meprize tanp li an+.
Li lage miray kote ki byen pwoteje yo nan men ènmi yo+.
Yo fè gwo bri nan kay Jewova a+, tankou se yon jou fèt.
ח [Hèt]
8 Jewova pran desizyon pou l detwi miray Siyon an+.
Li lonje fisèl li pou l mezire l+.
Li pa rale men l pou l pa detwi l*.
Li fè ranp li yo ak miray li yo vin tankou moun ki nan lapenn.
Li fè yo pèdi fòs.
ט [Tèt]
9 Pòtay li yo antre nan tè+.
Li kraze gwo bwa yo konn fèmen pòtay yo e li detwi yo.
Wa Siyon an ak prens li yo nan mitan nasyon yo+.
Pa gen moun ki obeyi lalwa*. Menm pwofèt Siyon yo, Jewova pa t fè yo fè vizyon+.
י [Yòd]
10 Ansyen yo chita atè nan Siyon san yo pa di anyen+.
Yo lage pousyè sou tèt yo e yo met rad sak sou yo+.
Fi ki vyèj nan Jerizalèm yo bese tèt yo jis atè.
כ [Kaf]
11 Je m fatige, tèlman dlo koule nan je m+.
Zantray mwen ap rache.
Mwen nan gwo lapenn* akoz pèp mwen an ki tonbe+,
Akoz timoun yo ak tibebe yo ki endispoze sou plas piblik yo nan vil la+.
ל [Lamèd]
12 Yo kontinye mande manman yo: “Kot manje pou n manje ak bagay pou n bwè yo+?”
Yo pèdi konesans tankou moun ki blese ki sou plas piblik vil la,
E lavi* yo disparèt tikras pa tikras nan bra manman yo.
מ [Mèm]
13 Ki egzanp mwen ka ba ou?
Oubyen ki sa m ka di ki sanble avè w, o Jerizalèm?
Ak ki sa m ka konpare w, pou m ka konsole w, o vil Siyon?
Paske, malè ki frape w la gwo tankou lanmè+. Kiyès ki ka geri w+?
נ [Noun]
14 Vizyon pwofèt ou yo te fè pou ou yo se manti e yo san valè+.
Yo pa t fè konnen peche w te fè yo, sa ki t ap fè yo pa mennen w ann egzil+.
Men, yo te kontinye ap fè vizyon ki pa verite e k ap twonpe moun+.
ס [Samèk]
15 Tout moun k ap pase sou wout la ap bat men yo pou yo pase w nan rizib+.
Yo sezi+, yo souke tèt yo pou vil Jerizalèm, epi yo di:
“Èske se de vil sa a yo konn ap pale lè yo konn di: ‘Li tèlman bèl, li pa gen parèy. Li bay tout moun sou tè a kè kontan+’?”
פ [Pe]
ע [Ayin]
17 Jewova fè sa l te vle fè a+. Li reyalize sa l te di a+,
Sa l te bay lòd fè depi lontan an+.
Li dechire w san pitye+.
Li kite ènmi an pote laviktwa sou ou e ènmi an kontan. Li fè elòj pou fòs* advèsè w yo.
צ [Tsade]
18 O miray vil Siyon, pèp la t ap rele Jewova ak tout kè l.
Kite dlo nan je w koule lajounen kou lannuit tankou yon rivyè k ap desann.
Pinga w repoze, pinga dlo sispann koule nan je w.
ק [Kòf]
19 Leve! Se pou w rele pandan tout nuit lan*.
Se pou w di Jewova tout sa k nan kè w ak dlo nan je.
Leve men w devan l pou w priye l pou lavi* pitit ou yo,
Pitit ou yo k ap pèdi konesans nan chak kafou* paske yo grangou+.
ר [Rèch]
20 O Jewova, gade pèp ou a ou te pini an.
Èske medam yo ta dwe kontinye ap manje pwòp pitit yo, pitit yo fin fè yo+?
Oubyen, èske yo ta dwe touye prèt yo ak pwofèt yo nan tanp Jewova a+?
ש [Chin]
21 Timoun kou granmoun kouche atè nan lari, tou mouri+.
Pitit fi m yo ki vyèj* ak jènjan m yo tonbe anba kout epe+.
Ou touye yo nan jou kòlè w la. Ou fè san koule san pitye+.
ת [Taw]