BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Detewonòm 22
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

Detewonòm — Sa ki gen nan liv sa a

      • Respekte bèt lòt moun (1-4)

      • Lè yon moun met rad moun lòt sèks (5)

      • Byen trete bèt yo (6, 7)

      • Balistrad sou do kay (8)

      • Bagay yo pa dwe mele ansanm (9-11)

      • Ponpon nan rad (12)

      • Lwa sou vyòl (13-30)

Detewonòm 22:1

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 23:4

Detewonòm 22:2

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Mt 7:12

Detewonòm 22:4

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 23:5; Le 19:18; Lk 10:27; Ga 6:10

Detewonòm 22:5

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Viv ak kè kontan!—Liv, leson 52

    Toudegad etid,

    9/2016, p. 15

Detewonòm 22:6

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 22:28; Sm 145:9; Pw 12:10; Mt 10:29

Detewonòm 22:8

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 11:2; Tr 10:9

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    1/4/2013, p. 10

Detewonòm 22:9

Nòt anba paj

  • *

    Gade Lis mo yo esplike yo.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 19:19

Detewonòm 22:10

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Pw 12:10

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    1/11/2003, p. 32

Detewonòm 22:11

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 19:19

Detewonòm 22:12

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 15:38; Mt 23:2, 5

Detewonòm 22:13

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “apre sa li rejte l”.

Detewonòm 22:16

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “rejte l”.

Detewonòm 22:18

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 18:21; Dt 1:13; 16:18
  • +Dt 25:2; Pw 10:13; 19:29

Detewonòm 22:19

Nòt anba paj

  • *

    Yon chekèl egal 11,4 g. Gade Apendis B14.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Mal 2:16

Detewonòm 22:21

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “te lage kò l nan aji tankou pwostitye”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eb 13:4
  • +Le 21:9
  • +Le 11:45; 1Ko 5:13

Detewonòm 22:22

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 20:3; Eg 20:14; Le 20:10; 1Ko 6:9, 10, 18

Detewonòm 22:24

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 20:10; Dt 5:18; 1Te 4:3, 6; Eb 13:4

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad etid,

    12/2019, p. 14

Detewonòm 22:25

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad etid,

    12/2019, p. 14

Detewonòm 22:26

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “epi l touye l, yon nanm”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 4:8; Nb 35:20, 21; Jk 2:11

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad etid,

    12/2019, p. 14

Detewonòm 22:27

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad etid,

    12/2019, p. 14

Detewonòm 22:28

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 34:2, 5

Detewonòm 22:29

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 34:11, 12; Eg 22:16

Detewonòm 22:30

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “leve ke rad papa l”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 18:8; 20:11; Dt 27:20; 1Ko 5:1

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

Det. 22:1Eg 23:4
Det. 22:2Mt 7:12
Det. 22:4Eg 23:5; Le 19:18; Lk 10:27; Ga 6:10
Det. 22:6Le 22:28; Sm 145:9; Pw 12:10; Mt 10:29
Det. 22:82Sa 11:2; Tr 10:9
Det. 22:9Le 19:19
Det. 22:10Pw 12:10
Det. 22:11Le 19:19
Det. 22:12Nb 15:38; Mt 23:2, 5
Det. 22:18Eg 18:21; Dt 1:13; 16:18
Det. 22:18Dt 25:2; Pw 10:13; 19:29
Det. 22:19Mal 2:16
Det. 22:21Eb 13:4
Det. 22:21Le 21:9
Det. 22:21Le 11:45; 1Ko 5:13
Det. 22:22Jen 20:3; Eg 20:14; Le 20:10; 1Ko 6:9, 10, 18
Det. 22:24Le 20:10; Dt 5:18; 1Te 4:3, 6; Eb 13:4
Det. 22:26Jen 4:8; Nb 35:20, 21; Jk 2:11
Det. 22:28Jen 34:2, 5
Det. 22:29Jen 34:11, 12; Eg 22:16
Det. 22:30Le 18:8; 20:11; Dt 27:20; 1Ko 5:1
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
  • 23
  • 24
  • 25
  • 26
  • 27
  • 28
  • 29
  • 30
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Detewonòm 22:1-30

Detewonòm

22 “Si nou wè towo bèf yon frè nou oswa yon mouton l ki pèdi, nou pa dwe fè kòmsi nou pa wè sa+. Nou dwe mennen l tounen bay frè nou an san mank. 2 Men, si frè nou an pa rete pre nou oswa nou pa konn kiyès ki mèt bèt la, nou dwe mennen bèt la lakay nou. L ap rete lakay nou jiskaske frè nou an tonbe chèche l. Lè sa a, n ap remèt li bèt li+. 3 Se menm bagay la nou dwe fè si yon frè nou gen yon bourik li ki pèdi, yon rad oswa nenpòt lòt bagay ki pèdi e nou ta jwenn li. Nou pa dwe fè kòmsi nou pa wè bagay la.

4 “Si nou wè yon frè nou gen yon bourik oswa yon towo bèf ki tonbe sou yon wout, nou pa dwe fè kòmsi nou pa wè sa. Nou dwe ede l leve bèt la san mank+.

5 “Yon fi pa dwe mete rad gason e yon gason pa dwe mete rad fi, paske moun ki fè sa, se moun ki bay Jewova, Bondye nou an, degoutans.

6 “Si pandan nou sou wout nou nou tonbe sou yon nich ki gen ti zwazo ladan l oswa ki gen ze ladan l, kit se sou yon pyebwa kit se atè, e nou ta wè manman an kouche sou ti zwazo yo oswa sou ze yo, nou pa dwe pran pitit yo ansanm ak manman an+. 7 Nou dwe fè manman an vole ale, apre sa, nou kapab pran pitit yo. Nou dwe fè sa pou tout bagay ka mache byen pou nou e pou nou ka viv lontan.

8 “Si nou fèk bati yon kay, nou dwe fè yon balistrad sou do kay+ la pou nou menm ak moun lakay nou pa responsab san yon moun ki ta sot sou do kay la e li tonbe anba.

9 “Nou pa dwe simen yon lòt semans+ nan jaden rezen nou. Si nou fè sa, sa semans nou simen an bay la ansanm ak rekòt jaden rezen an ap vin pou tabènak* la.

10 “Nou pa dwe met yon towo bèf ak yon bourik ansanm pou vire tè nou+.

11 “Nou pa dwe mete rad ki fèt ak fil lenn e ak fil len mele ansanm+.

12 “Nou dwe fè ponpon mete nan kat kwen rad nou met sou nou+.

13 “Si yon gason pran yon fi kòm madanm li, li kouche avèk li men apre sa li vin rayi l*, 14 li di fi a te fè yon move bagay, e pou l sal non l, li di: ‘Mwen te pran fi sa a kòm madanm mwen men lè m fin kouche avè l mwen pa t wè prèv ki montre li te vyèj.’ 15 Lè sa a, papa fi a ak manman l dwe al devan ansyen yo nan pòtay vil la pou yo ba yo prèv ki montre pitit fi yo a te vyèj. 16 Men sa papa fi a ap di ansyen yo: ‘Mwen te bay mesye sa a pitit fi m kòm madanm li, men li rayi l*. 17 Mete sou sa, pou l akize l, li di m: “Mwen pa t wè prèv ki montre pitit fi w la te vyèj.” Men prèv ki montre pitit fi m nan te vyèj.’ Lè sa a, y ap ouvè twal la devan ansyen ki nan vil la. 18 Apre sa, ansyen+ yo ap pran mesye a e y ap disipline l+. 19 Y ap fè l peye papa fi a 100 chekèl* ajan paske li te sal non yon fi ki vyèj nan peyi Izrayèl+. Fi a ap kontinye rete madanm li. Toutotan mesye a vivan, li pap janm kapab divòse ak fi a.

20 “Men, si sa l te di a se vre, si pa t gen prèv ki montre fi a te vyèj, 21 y ap mennen fi a devan lakay papa l e mesye ki nan vil li a ap kalonnen l ak kout wòch jiskaske l mouri paske l te fè yon aksyon ki sal+ ann Izrayèl lefètke l te fè imoralite seksyèl* pandan l te lakay papa l+. Konsa, n ap retire sa ki mal nan mitan nou+.

22 “Si yo bare yon gason pandan l nan relasyon ak madanm yon lòt gason, se pou yo touye toule de, ni gason ki kouche ak fi a ni fi a+. Konsa, n ap retire sa ki mal ann Izrayèl.

23 “Si yon fi ki vyèj fiyanse ak yon gason e yon lòt gason rankontre avè l nan yon vil e li kouche avè l, 24 se pou nou fè toule de soti nan pòtay vil la e se pou nou kalonnen yo ak kout wòch jiskaske yo mouri. N ap kalonnen fi a ak kout wòch paske li pa t rele pandan l te nan vil la e n ap kalonnen gason an ak kout wòch paske li imilye madanm yon lòt gason+. Konsa, n ap retire sa ki mal nan mitan nou.

25 “Men, si se nan yon savann gason an te rankontre ak jèn fi ki fiyanse a, li fè fòs sou li e li kouche avè l, se gason ki kouche avè l la sèlman nou dwe touye, 26 nou pa dwe fè jèn fi a anyen. Li pa fè yon peche ki merite pou nou touye l, paske sa k rive a se menm bagay ak si yon gason te rankontre ak yon pwochen l, li atake l epi l touye l*+. 27 Kòm se nan yon savann li te rankontre ak jèn fi a, jèn fi a te rele men pa t gen moun pou sove l.

28 “Si yon gason rankontre yon jèn fi ki vyèj ki pa fiyanse, li met men sou li, li kouche avèk li epi yo vin bare yo+, 29 gason ki kouche avèk li a dwe bay papa jèn fi a 50 chekèl ajan e jèn fi a ap vin madanm li+. Kòm li te imilye l, li pap gen dwa divòse avè l toutotan l vivan.

30 “Okenn gason pa dwe pran madanm papa l yon fason pou l pa dezonore papa l*+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje