2 Wa
21 Manase+ te gen 12 an lè l te vin wa e li te dirije pandan 55 an detan l Jerizalèm+. Manman l te rele Èfziba. 2 Manase te fè sa ki mal nan je Jewova. Li te konn fè menm vye bagay nasyon+ Jewova te retire devan pèp Izrayèl la te konn pratike yo+. 3 Li te rebati kote ki wo moun yo te konn fè adorasyon Ezekyas, papa l, te kraze yo+, li te fè lotèl pou Baal e li te fè yon poto sakre an bwa*+ menm jan ak Ahab, wa Izrayèl la+. Li te konn pwostène devan tout bagay ki nan syèl la e li te konn sèvi yo+. 4 Mete sou sa, li te bati lotèl nan kay Jewova a+ alòske men sa Jewova te di konsènan kay sa a: “Se Jerizalèm non m ap ye+.” 5 Li te bati lotèl pou tout bagay ki gen nan syèl la+ nan de lakou ki gen nan kay Jewova a+. 6 Mete sou sa, li te boule* pwòp pitit gason l nan dife, li te konn fè maji, li te konn chèche konnen lavni+, li te met moun ki konn chèche pale ak mò nan peyi a ansanm ak divinò+. Li te fè anpil bagay ki mal nan je Jewova pou l fè l fache.
7 Li te mete zidòl la, poto sakre an bwa*+ li te fè a, nan kay Jewova a, kay li te di David ak Salomon, pitit li a: “Non m ap toujou makònen ak kay sa a e ak Jerizalèm, kote mwen chwazi nan mitan tout tribi Izrayèl yo+. 8 Mwen pap janm fè Izrayèl ale lwen peyi mwen te bay zansèt yo a+ ankò depi yo byen suiv tout kòmandman mwen te ba yo+, tout Lwa Moyiz, sèvitè m nan, sa li te ba yo lòd pou yo suiv yo.” 9 Men, yo pa t obeyi, e Manase te kontinye fè yo devye. Li te fè yo aji pi mal pase nasyon Jewova te detwi devan Izrayelit yo+.
10 Jewova te kontinye pale avèk yo pa mwayen sèvitè l yo, pwofèt yo+. Li te di: 11 “Manase, wa Jida a, te fè tout move bagay sa yo, li te fè plis mechanste pase tout Amorit yo+ ki te la anvan l+ e li te menm fè Jida peche avèk zidòl ki bay degoutans* li yo. 12 Kidonk, men sa Jewova, Bondye Izrayèl la, di: ‘M ap lage yon malè sou Jerizalèm+ ak Jida. L ap tèlman rèd, yon moun ki tande sa ap sezi*+. 13 M ap lonje kòd pou mezire a+ sou Jerizalèm, menm jan mwen te fè sa pou Samari+. M ap sèvi ak menm nivo* mwen te sèvi pou fanmi Ahab la+. M ap netwaye Jerizalèm pwòp, menm jan yo netwaye yon bòl epi yo chavire l tèt anba+. 14 M ap abandone rès moun ki nan eritaj mwen an+ e m ap lage yo nan men ènmi yo. Ènmi yo ap pran yo kòm prizonye e y ap pran tout sa yo genyen+, 15 paske yo te fè sa ki mal devan je m e yo pa t sispann fè m fache depi jou zansèt yo te soti ann Ejip rive jis jodi a+.’”
16 Mete sou sa, Manase te fè san anpil moun ki inosan koule jis li te plen Jerizalèm ak san, sot nan yon bout nan vil la rive nan lòt bout la+. Li te fè Jida peche, li te fè l fè sa ki mal nan je Jewova. 17 Kanta pou rès bagay ki gen rapò ak Manase yo, tout sa l te fè yo, peche li te fè yo, èske yo pa t ekri bagay sa yo nan liv yo te konn ekri evènman ki te pase nan epòk wa Jida yo? 18 Apre sa, Manase t al repoze bò kot zansèt li yo, yo te antere l nan jaden ki lakay li a, jaden Ouza a+, e Amon, pitit gason l, te vin wa nan plas li.
19 Amon+ te gen 22 an lè l te vin wa e li te dirije pandan dezan detan l Jerizalèm+. Manman l te rele Mechoulemèt e se te pitit fi Awouz, moun Jotba. 20 Li te kontinye fè sa ki mal nan je Jewova, menm jan ak Manase, papa l+. 21 Li te kontinye aji menm jan ak papa l, li te kontinye sèvi vye zidòl ki bay degoutans papa l te konn sèvi yo e li te kontinye pwostène devan yo+. 22 Konsa, li te abandone Jewova, Bondye zansèt li yo, e li pa t mache nan chemen Jewova yo+. 23 Rive yon lè, sèvitè wa Amon yo te fè yon konplo sou do l e yo te touye l lakay li. 24 Men, moun yo nan peyi a te touye tout moun ki te fè konplo kont wa Amon yo, epi yo met Jozyas, pitit gason l, wa nan plas li+. 25 Kanta pou rès bagay ki gen rapò ak Amon yo, tout sa li te fè yo, èske yo pa t ekri bagay sa yo nan liv yo te konn ekri evènman ki te pase nan epòk wa Jida yo? 26 Yo te antere Amon nan tonm li, nan jaden Ouza a+, epi Jozyas, pitit gason l+, te vin wa nan plas li.