BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Pwovèb 30
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

Pwovèb — Sa ki gen nan liv sa a

      • 30

        • Pa fè m ni pòv ni rich (8)

        • Bagay ki pa janm satisfè (15, 16)

        • Bagay moun pa rive konprann (18, 19)

        • Yon fi ki nan adiltè (20)

        • Bèt ki fèt ak tout sajès yo (24)

Pwovèb 30:2

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jb 42:3

Pwovèb 30:4

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “leve”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jan 3:13
  • +Eza 40:12
  • +Jb 38:4

Pwovèb 30:5

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sm 12:6
  • +Jen 15:1; 2Sa 22:31; Sm 84:11

Pwovèb 30:6

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 4:2; Re 22:18

Pwovèb 30:8

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Pw 12:22
  • +Mt 6:11; 1Ti 6:8

Pwovèb 30:9

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “atake”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 6:10-12

Pwovèb 30:10

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 6:24

Pwovèb 30:11

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 20:9; Pw 19:26; Mk 7:10, 11

Pwovèb 30:12

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “yo nan kondisyon pou yo fè sèvis Bondye”.

  • *

    Lit.: “poupou”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sm 36:1, 2; Eza 65:5; 1J 1:8

Pwovèb 30:13

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sm 101:5; Pw 6:16, 17

Pwovèb 30:14

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sm 14:4; Pw 22:16; Eza 32:7

Pwovèb 30:16

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “Cheyòl”. Se tonm ki la pou moun ki mouri ale. Gade Lis mo yo esplike yo.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Pw 27:20

Pwovèb 30:17

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Pw 23:22
  • +Le 20:9; Dt 21:18, 21; Pw 20:20

Pwovèb 30:18

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “twa bagay ki twò estrawòdinè pou mwen”.

Pwovèb 30:20

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Pw 7:10, 11

Pwovèb 30:22

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Pw 19:10; Ekl 10:7; Eza 3:4

Pwovèb 30:23

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “moun pa renmen”.

  • *

    Oswa: “sèvant ranplase”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 16:5

Pwovèb 30:24

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “Ki gen anpil anpil sajès”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jb 35:11

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Pwoche bò kote Jewova, p. 207-209

Pwovèb 30:25

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “pèp”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Pw 6:6-8

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    15/4/2009, p. 16-17

Pwovèb 30:26

Nòt anba paj

  • *

    Se yon bèt ki sanble ak yon gwo lapen san ke e ki viv nan zòn ki gen mas wòch.

  • *

    Lit.: “pèp”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 11:5
  • +Sm 104:18

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    15/4/2009, p. 17-18

Pwovèb 30:27

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “yo fè plizyè gwoup lè y ap avanse”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 10:14; Jl 1:4
  • +Jl 2:7

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    15/4/2009, p. 18-19

Pwovèb 30:28

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 11:29, 30

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    15/4/2009, p. 19

    Reveye n!,

    9/2006, p. 5, 7

Pwovèb 30:30

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 23:24; Eza 31:4

Pwovèb 30:32

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Pw 26:12
  • +Pw 27:2

Pwovèb 30:33

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Pw 26:21

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    1/4/2008, p. 19

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

Pwo. 30:2Jb 42:3
Pwo. 30:4Jan 3:13
Pwo. 30:4Eza 40:12
Pwo. 30:4Jb 38:4
Pwo. 30:5Sm 12:6
Pwo. 30:5Jen 15:1; 2Sa 22:31; Sm 84:11
Pwo. 30:6Dt 4:2; Re 22:18
Pwo. 30:8Pw 12:22
Pwo. 30:8Mt 6:11; 1Ti 6:8
Pwo. 30:9Dt 6:10-12
Pwo. 30:10Dn 6:24
Pwo. 30:11Le 20:9; Pw 19:26; Mk 7:10, 11
Pwo. 30:12Sm 36:1, 2; Eza 65:5; 1J 1:8
Pwo. 30:13Sm 101:5; Pw 6:16, 17
Pwo. 30:14Sm 14:4; Pw 22:16; Eza 32:7
Pwo. 30:16Pw 27:20
Pwo. 30:17Pw 23:22
Pwo. 30:17Le 20:9; Dt 21:18, 21; Pw 20:20
Pwo. 30:20Pw 7:10, 11
Pwo. 30:22Pw 19:10; Ekl 10:7; Eza 3:4
Pwo. 30:23Jen 16:5
Pwo. 30:24Jb 35:11
Pwo. 30:25Pw 6:6-8
Pwo. 30:26Le 11:5
Pwo. 30:26Sm 104:18
Pwo. 30:27Eg 10:14; Jl 1:4
Pwo. 30:27Jl 2:7
Pwo. 30:28Le 11:29, 30
Pwo. 30:30Nb 23:24; Eza 31:4
Pwo. 30:32Pw 26:12
Pwo. 30:32Pw 27:2
Pwo. 30:33Pw 26:21
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
  • 23
  • 24
  • 25
  • 26
  • 27
  • 28
  • 29
  • 30
  • 31
  • 32
  • 33
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Pwovèb 30:1-33

Pwovèb

30 Men mesaj enpòtan ki nan pawòl Agou yo, yon pitit gason Jake, pawòl li te di Ityèl ak Oukal.

 2 Mwen pi sòt pase tout moun+,

E mwen pa gen bon konprann yon moun dwe genyen.

 3 Mwen pa aprann gen sajès

E mwen pa gen konesans Sila a ki pi sen an bay la.

 4 Kiyès ki monte nan syèl la, apre sa pou l desann+?

Kiyès ki kenbe van an nan de pla men l?

Kiyès ki vlope dlo yo nan rad li+?

Kiyès ki fikse* tout limit tè a+ genyen yo?

Ki jan l rele e ki jan pitit li a rele, si w konnen?

 5 Tout sa Bondye di bon nèt+.

Li se yon boukliye pou moun ki pran refij nan li+.

 6 Pa ajoute anyen sou pawòl li yo+.

Si w fè sa, l ap ba w koreksyon,

E w ap vin yon moun k ap bay manti.

 7 Bondye, gen de bagay m ap mande w.

Apa bagay sa yo, mwen pa bezwen anyen ankò toutotan m ap viv.

 8 Fè m rete lwen pawòl ki pa verite ak pawòl manti+.

Pa fè m ni pòv ni rich.

Annik kite m jwenn kantite manje mwen bezwen pou m manje+,

 9 Konsa, vant mwen pap vin plen e mwen pap nye w pou m ta di: “Kiyès ki Jewova a+?”

Epitou, pa kite m vin pòv, pou m pa vòlè e pou m pa sal* non Bondye m nan.

10 Pa pale yon sèvitè mal devan mèt li.

Si w fè sa, sèvitè a ka ba w madichon e w pap gen rezon+.

11 Gen yon jenerasyon moun ki bay papa yo madichon

E ki pa respekte manman yo+.

12 Gen yon jenerasyon moun ki panse yo pwòp*+,

Men, yo toujou pa pwòp akoz y ap benyen nan salte*.

13 Gen yon jenerasyon moun ki chaje ak ògèy lakay yo,

Yo gade moun ak anpil awogans+.

14 Gen yon jenerasyon moun dan yo se epe,

E machwè yo se kouto ki la pou touye sèlman.

Y ap devore moun ki pi ba yo sou tè a

E y ap devore malere yo nan monn nan+.

15 Sansi yo gen de pitit fi, yo chak ap di byen fò: “Ban m! Ban m!”

Gen twa bagay ki pa janm satisfè,

Kat bagay ki pa janm di: “Ase!”

16 Tonm*+, vant ki pa ka kenbe pitit,

Tè ki pa jwenn dlo,

Ak dife ki pa janm di: “Ase!”

17 Yon moun k ap pase papa l nan rizib e ki dezobeyi manman l+,

Kaw ki nan vale yo ap kreve je l

E ti èg yo ap manje je l nèt+.

18 Gen twa bagay mwen pa rive konprann*,

E gen kat bagay mwen pa konprann:

19 Fason yon èg plane nan syèl la,

Fason yon sèpan file sou yon mas wòch,

Fason yon bato kouri nan mitan lanmè,

Ak fason yon gason ye lè l avèk yon jèn dam.

20 Men ki jan yon fi ki nan adiltè aji:

Li manje, li siye bouch li,

Apre sa, li di: “Mwen pa fè anyen ki mal+.”

21 Gen twa bagay ki fè latè tranble,

E gen kat bagay li pa ka sipòte:

22 Lè yon esklav vin wa+,

Lè yon moun sòt gen twòp manje pou l manje.

23 Lè yon fi moun rayi* vin marye,

Ak lè yon jèn ti sèvant pran plas* mètrès li+.

24 Gen kat bèt sou tè a pami bèt ki pi piti yo

Ki fèt ak tout sajès yo*+:

25 Foumi se pa yon bèt* ki gen fòs,

Epoutan, li pare manje l nan sezon chalè+.

26 Daman*+ se yon bèt* ki pa gen anpil fòs,

Epoutan, li fè kay li nan gwo mas wòch+.

27 Krikèt+ pa gen wa,

Epoutan, yo avanse tankou yon lame*+.

28 Zandolit+ ka mache nan mi san l pa tonbe,

E li antre nan palè wa.

29 Gen twa bagay lè y ap mache ki fè moun sezi,

Gen kat bagay ki estrawòdinè lè y ap deplase:

30 Gen lyon, bèt ki pi vanyan pase tout lòt bèt yo,

Ki pa fè bak devan pèsonn+,

31 Gen chen ki konn fè chas yo, bouk kabrit yo

Ak yon wa ki ansanm ak lame l.

32 Si w fè lwanj pou tèt ou menm jan ak moun sòt+

Oswa w gen nan tèt ou pou w fè sa,

Met men sou bouch ou+.

33 Paske, lè yo bat lèt, li fè bè,

Lè moun pran kou nan nen, li fè san,

E lè yo fè kòlè yon moun monte, sa fè gen gwo kont+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje