BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • 1 Kwonik 10
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

1 Kwonik — Sa ki gen nan liv sa a

      • Lanmò Sayil ak pitit gason l yo (1-14)

1 Kwonik 10:1

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 31:1-5; 2Sa 1:21, 25

1 Kwonik 10:2

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Kw 8:33

1 Kwonik 10:3

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 26:9, 10

1 Kwonik 10:4

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jj 16:21, 23
  • +1Kw 10:13

1 Kwonik 10:6

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 31:6, 7

1 Kwonik 10:7

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “platon an”.

1 Kwonik 10:8

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 28:4; 31:8-10

1 Kwonik 10:9

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jj 16:23, 24

1 Kwonik 10:10

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “tanp”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 5:2

1 Kwonik 10:11

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 11:1
  • +1Sa 31:11-13

1 Kwonik 10:12

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 2:5; 21:12

1 Kwonik 10:13

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 13:13; 15:22, 23
  • +Le 20:6; 1Sa 28:7

1 Kwonik 10:14

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Rt 4:17; 1Sa 13:14; 15:27, 28; 2Sa 5:3

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

1 Kwo. 10:11Sa 31:1-5; 2Sa 1:21, 25
1 Kwo. 10:21Kw 8:33
1 Kwo. 10:31Sa 26:9, 10
1 Kwo. 10:4Jj 16:21, 23
1 Kwo. 10:41Kw 10:13
1 Kwo. 10:61Sa 31:6, 7
1 Kwo. 10:81Sa 28:4; 31:8-10
1 Kwo. 10:9Jj 16:23, 24
1 Kwo. 10:101Sa 5:2
1 Kwo. 10:111Sa 11:1
1 Kwo. 10:111Sa 31:11-13
1 Kwo. 10:122Sa 2:5; 21:12
1 Kwo. 10:131Sa 13:13; 15:22, 23
1 Kwo. 10:13Le 20:6; 1Sa 28:7
1 Kwo. 10:14Rt 4:17; 1Sa 13:14; 15:27, 28; 2Sa 5:3
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
1 Kwonik 10:1-14

1 Kwonik

10 Twouve, moun Filisti yo t ap fè lagè ak pèp Izrayèl la. Sòlda izrayelit yo te kouri pou sòlda Filisti yo, e sòlda Filisti yo te touye anpil nan yo sou Mòn Gilbowa+. 2 Sòlda Filisti yo t ap kouri san rete dèyè Sayil ak pitit gason l yo. Yo te touye Jonatan, Abinadab ak Malkichwa+, pitit gason Sayil yo. 3 Batay la te vin rèd anpil pou Sayil. Sòlda Filisti ki t ap tire flèch yo te tire flèch ki pran Sayil, e flèch yo te blese Sayil+. 4 Apre sa, Sayil di sèvitè a ki t ap pote zam li yo: “Pran epe w la epi pèse m avè l pou mesye ki pa sikonsi sa yo pa vin maltrete m+.” Men, sèvitè l la ki t ap pote zam li yo pa t vle fè sa paske li te pè anpil. Lè sa a, Sayil pran epe a e li lage kò l sou li+. 5 Lè sèvitè l la ki t ap pote zam li yo wè l mouri, li menm tou li lage kò l sou epe pa l la e li mouri. 6 Konsa, Sayil ak twa pitit gason l yo ansanm ak tout moun lakay li mouri lè sa a+. 7 Lè tout moun nan pèp Izrayèl la ki te nan zòn vale a* wè tout moun kouri e Sayil ak pitit gason l yo mouri, yo kòmanse kouri kite vil yo. Apre sa, sòlda Filisti yo antre nan vil yo e yo pran vil sa yo.

8 Nan demen, lè moun Filisti yo vini pou yo pran tout bagay ki te sou kadav yo, yo jwenn Sayil ak pitit gason l yo blayi sou Mòn Gilbowa+. 9 Se konsa, yo pran tout sa k te sou Sayil, yo koupe tèt li, yo pran ekipman konba ki te sou li yo e yo voye moun nan tout tèritwa peyi Filisti al gaye nouvèl la nan tanp zidòl yo+ e pami tout moun nan pèp yo a. 10 Apre sa, yo mete ekipman konba l yo nan kay* dye y ap sèvi a e yo pandye tèt li sou kay Dagon an+.

11 Lè tout moun Jabès+ ki nan Galaad yo aprann tout sa moun Filisti yo fè Sayil+, 12 tout sòlda yo leve, yo pran kadav Sayil ak kadav pitit gason l yo, yo pote yo al Jabès epi yo antere zosman yo anba gwo pyebwa ki Jabès la+. Apre sa, yo fè sèt jou san yo pa manje.

13 Se konsa Sayil te mouri paske li te vin pa fidèl devan Jewova, paske li pa t obeyi pawòl Jewova+ e paske li t al pale ak yon moun ki konn chèche pale ak mò+ 14 olye l te pale ak Jewova. Se sa k fè Bondye te fè touye l e li te bay David, pitit Jese a+, wayòm nan.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje