Levitik
2 “‘Si yon moun* ap bay manje angren kòm ofrann+ pou Jewova, li dwe bay bon farin. L ap vide luil sou farin nan e l ap mete lansan blan sou li+. 2 Apre sa, l ap pote l bay prèt yo, pitit gason Arawon yo, e youn nan prèt yo ap pran yon ponyen nan bon farin ki gen luil la kòm yon echantiyon+, l ap pran tout lansan blan an tou, l ap boule yo sou lotèl la. Se yon ofrann y ap boule nan dife pou Jewova, k ap bay yon bon sant k ap fè l plezi*. 3 Tout sa ki rete nan ofrann manje angren an ap pou Arawon ak pitit gason l yo+ kòm yon bagay ki sakre anpil+ ki soti nan ofrann yo boule nan dife pou Jewova.
4 “‘Si manje angren n ap bay kòm ofrann nan se pen ki kuit nan fou, yo dwe fèt ak bon farin. Se ta dwe pen san ledven ki won e ki gen twou nan mitan yo, ki fèt ak pat ki melanje ak luil oubyen se ta dwe bisuit sèk nou pase luil sou yo+.
5 “‘Si n ap kuit manje angren n ap bay kòm ofrann nan sou platin+, nou dwe fè l ak bon farin ki melanje ak luil e ki pa gen ledven ladan l. 6 N ap fè l fè plizyè moso, e n ap vide luil sou li+. Se yon ofrann manje angren pou Bondye.
7 “‘Si n ap kuit manje angren n ap bay kòm ofrann nan nan yon kaswòl, n ap fè l ak bon farin ki melanje ak luil. 8 N ap pote ofrann manje angren nou te fè ak bagay sa yo pou Jewova. N ap prezante l bay prèt la ki pral toupre lotèl la avè l. 9 Epi, prèt la ap pran enpe nan ofrann nan kòm yon echantiyon+, l ap boule l sou lotèl la devan Jewova. Se yon ofrann y ap boule nan dife pou Bondye, k ap bay yon bon sant k ap fè l plezi*+. 10 Sa k rete nan ofrann manje angren sa a ap pou Arawon ak pitit gason l yo kòm yon bagay ki sakre anpil ki soti nan ofrann yo boule nan dife pou Jewova+.
11 “‘Manje angren n ap bay Jewova kòm ofrann yo pa dwe gen ledven ladan yo+. Nou pa dwe boule ni pat ki gen ledven ladan l ni siwo* kòm ofrann pou Jewova.
12 “‘Nou ka ofri Jewova yo kòm premye danre+ nou rekòlte nan jaden nou, men nou pa dwe boule yo sou lotèl la kòm yon ofrann k ap bay yon bon sant k ap fè l plezi*.
13 “‘Se pou n mete sèl nan tout ofrann manje angren nou yo. Nou pa dwe bliye mete sèl k ap fè nou sonje alyans Bondye a nan ofrann manje angren nou yo. Se pou n mete sèl nan tout ofrann n ap prezante yo+.
14 “‘Si n ap ofri manje angren ki soti nan premye danre nou rekòlte nan jaden nou kòm ofrann pou Jewova, se grenn ki fèk rekòlte*, ki griye nan dife, ki kraze, men ki pa kraze fen pou nou bay kòm premye danre+ nou rekòlte nan jaden nou. 15 N ap mete luil ak lansan blan sou li. Se yon ofrann manje angren pou Bondye. 16 Prèt la ap boule enpe nan manje angren ki pa kraze fen ki gen luil sou li a kòm yon echantiyon+ ansanm ak tout lansan blan an kòm yon ofrann yo boule nan dife pou Jewova.