BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • 2 Samyèl 9
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

2 Samyèl — Sa ki gen nan liv sa a

      • David demontre lanmou fidèl pou Mefibochèt (1-13)

2 Samyèl 9:1

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 18:1, 3; 20:15, 42

2 Samyèl 9:2

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 16:1; 19:17

2 Samyèl 9:3

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 4:4; 9:13; 19:26

2 Samyèl 9:4

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 17:27-29

2 Samyèl 9:7

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Pw 11:17
  • +2Sa 19:28; Pw 11:25

2 Samyèl 9:8

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 24:14

2 Samyèl 9:9

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 9:1; 16:4; 19:29

2 Samyèl 9:10

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 19:28
  • +2Sa 19:17

2 Samyèl 9:12

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Kw 8:34; 9:40

2 Samyèl 9:13

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 9:7; 19:28
  • +2Sa 4:4

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

2 Sam. 9:11Sa 18:1, 3; 20:15, 42
2 Sam. 9:22Sa 16:1; 19:17
2 Sam. 9:32Sa 4:4; 9:13; 19:26
2 Sam. 9:42Sa 17:27-29
2 Sam. 9:7Pw 11:17
2 Sam. 9:72Sa 19:28; Pw 11:25
2 Sam. 9:81Sa 24:14
2 Sam. 9:92Sa 9:1; 16:4; 19:29
2 Sam. 9:102Sa 19:28
2 Sam. 9:102Sa 19:17
2 Sam. 9:121Kw 8:34; 9:40
2 Sam. 9:132Sa 9:7; 19:28
2 Sam. 9:132Sa 4:4
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
2 Samyèl 9:1-13

2 Samyèl

9 Epi, David di: “Èske gen yon moun ki rete nan fanmi Sayil mwen kapab montre lanmou ki fidèl pou li poutèt Jonatan+?” 2 Twouve, lakay Sayil, te gen yon sèvitè ki te rele Ziba+. Yo te voye rele l pou David, e wa a te mande l: “Se ou ki Ziba a?” Li reponn: “Wi, se mwen menm, sèvitè w la.” 3 Apre sa, wa a mande l: “Èske gen yon moun ki rete nan fanmi Sayil mwen kapab montre lanmou ki fidèl pou li jan Bondye mande sa?” Ziba reponn wa a: “Gen yon pitit gason Jonatan ki la toujou, li domaje nan toude pye l+.” 4 Wa a mande l: “Kote l ye?” Ziba reponn li: “Li lakay Maki+, pitit gason Amiyèl, nan Lodeba.”

5 Menm kote a, wa David voye chèche l e li pran l lakay Maki, pitit gason Amiyèl la, nan Lodeba. 6 Lè Mefibochèt, pitit gason Jonatan ki te pitit gason Sayil, rive kot David, menm kote a, li lage kò l fas atè e li pwostène devan l. Epi, David di l: “Mefibochèt!” Li reponn: “Wi, mèt mwen.” 7 Apre sa, David di l: “Ou pa bezwen pè, paske se sèten m ap montre lanmou ki fidèl+ pou ou poutèt Jonatan, papa w. M ap fè w repran tout tè Sayil, granpapa w, te genyen yo, e w ap toujou manje sou tab mwen+.”

8 Lè sa a, Mefibochèt pwostène devan l ankò, li di: “Ki sa mwen menm, sèvitè w la, ye pou w ta bay yon chen mouri+ tankou m enpòtans?” 9 Epi, wa a voye chèche Ziba, sèvitè Sayil la, li di l: “M ap bay pitit pitit Sayil la tout byen Sayil yo ak tout sa ki lakay Sayil, mèt ou a+. 10 W ap travay tè pou li, ou menm, pitit gason w yo ak sèvitè w yo, e w ap rekòlte sa tè yo bay pou moun lakay pitit pitit mèt ou a ka jwenn manje pou yo manje. Men, Mefibochèt, pitit pitit mèt ou a, ap toujou manje sou tab mwen+.”

Twouve, Ziba te gen 15 pitit gason ak 20 sèvitè+. 11 Epi, Ziba di wa a: “Sèvitè w la ap fè tout sa ou menm, monwa, mèt mwen, ba l lòd fè pou Mefibochèt, sèvitè w la.” Se sa k fè, Mefibochèt te konn manje sou tab David tankou yon pitit gason wa a. 12 Epitou, Mefibochèt te gen yon pitit gason ki te rele Mika+. Tout moun ki t ap viv lakay Ziba te vin sèvitè Mefibochèt. 13 Mefibochèt te abite Jerizalèm paske li te konn toujou manje sou tab wa a+. Li te domaje nan toude pye l+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje