2 Wa
19 Kou Ezekyas tande sa, li chire rad sou li, li met twal sak sou li epi l antre nan kay Jewova a+. 2 Apre sa, li voye Elyakim, moun ki te responsab kay* wa a, Chebna, sekretè a, ak prèt ki te pi granmoun yo, ak twal sak sou yo, kot pwofèt Ezayi+, pitit gason Amòz la. 3 Yo di l: “Men sa Ezekyas voye di w: ‘Jodi a se yon jou tètchaje, yon jou imilyasyon* e yon jou lawont, paske lè a rive pou timoun yo fèt*, men pa gen fòs pou pouse yo+. 4 Petèt Jewova, Bondye w la, ap tande pawòl Rabchake a di yo, pawòl mèt li a, wa Asiri a, te voye l di pou l manke Bondye vivan an dega+ e Jewova, Bondye w la, ap fè l peye pou pawòl sa yo li tande a. Se sa k fè, se pou w priye+ pou rès moun ki rete nan mitan pèp la.’”
5 Vrèmanvre, sèvitè wa Ezekyas yo al kot Ezayi+, 6 epi Ezayi di yo: “Men sa pou nou di mèt nou an: ‘Jewova di: “Pinga w pè+ poutèt pawòl ou te tande yo, pawòl sèvitè wa Asiri yo te di pou yo manke m dega yo+. 7 M ap mete yon lide nan tèt li*, l ap tande yon nouvèl e l ap tounen nan peyi l. M ap fè yo touye l ak kout epe nan pwòp peyi l+.”’”
8 Lè Rabchake a tande wa Asiri a kite Lakis+, li tounen al kote l e li jwenn li k ap fè lagè ak moun Libna yo+. 9 Twouve, wa a te tande yo di Tiraka, wa Etyopi a, te vin fè lagè avè l. Se sa k fè, li voye moun+ kot Ezekyas ankò. Li di yo: 10 “Men sa pou nou di Ezekyas, wa Jida a: ‘Pinga w kite Bondye w la ou met konfyans nan li a twonpe w lè l di w: “Jerizalèm pap tonbe anba men wa Asiri a+.” 11 Gade! Ou te tande sa wa Asiri yo te fè tout peyi yo, jan yo te detwi yo+. Èske w panse ou menm w ap chape? 12 Èske dye nasyon zansèt mwen yo te detwi yo te delivre nasyon sa yo? Kote Gozan, Aran+, Rezèf ak moun Edenn ki te Tèlasa yo? 13 Kote wa Amat la, wa Apad la ak wa vil Sefavayim yo, kote wa Ena a ak wa Iva a+?’”
14 Ezekyas pran lèt yo nan men moun yo epi li li yo. Lè l fini, li monte al nan kay Jewova a epi li ouvri yo devan Jewova+. 15 Apre sa, Ezekyas tonbe priye+ Jewova, li di: “O Jewova, Bondye Izrayèl la, ou menm ki chita sou twòn ou anlè* cheriben yo+, se ou menm sèl ki vrè Dye tout wayòm ki sou tè a+. Se ou menm ki fè syèl la ak tè a. 16 O Jewova, panche zòrèy ou pou w koute+! O Jewova, ouvri je w+ pou w wè! Tande pawòl Senakerib voye di pou l manke w dega, o Bondye vivan an. 17 Vrèmanvre, o Jewova, wa Asiri yo ravaje nasyon yo ak peyi yo+. 18 Yo lage dye peyi sa yo nan dife, paske se pa dye yo te ye vre+, men yo se travay lèzòm fè ak men yo+, yo se wòch ak bwa. Se sa k fè yo te kapab detwi yo. 19 Men, kounye a, o Jewova, Bondye nou an, tanpri, sove nou anba men l, yon fason pou moun nan tout wayòm ki sou tè a ka konnen se ou menm sèl ki Bondye, o Jewova+.”
20 Apre sa, Ezayi, pitit gason Amòz la, voye mesaj bay Ezekyas, li di l: “Men sa Jewova, Bondye Izrayèl la, di: ‘Mwen tande priyè w fè m+ konsènan Senakerib, wa Asiri a+. 21 Men sa mwen menm, Jewova, mwen di kont li:
22 Kiyès w ap manke dega konsa a? Kiyès w ap derespekte konsa a+?
Kont ki moun w ap leve vwa w konsa a+?
Kiyès ou leve je gade avèk awogans konsa a?
Se kont Bondye Izrayèl la, Bondye ki sen an, w ap aji konsa+.
23 Ou voye moun+ pote mesaj pou ou pou w manke Jewova dega+ e ou di:
‘Avèk pakèt charyo mwen genyen pou m fè lagè yo,
M ap monte sou tèt mòn yo,
Kote ki pi lwen nan Liban yo.
M ap koupe pye sèd li genyen ki byen wo yo ak pi bèl pye jenevriye l yo.
M ap antre kote li genyen ki pi lwen yo, nan forè li genyen ki gen plis pyebwa yo.
24 M ap fouye pi e m ap bwè dlo nan yon peyi etranje,
M ap seche tout rivyè* Ejip yo ak pla pye m.’
25 Èske nou pa t tande sa? Mwen te pran desizyon sa a* depi lontan+.
Mwen gen lontan depi mwen planifye sa*+.
Kounye a, m ap fè sa m te deside a+.
W ap fè vil ki byen pwoteje yo tounen pil dekonm+.
26 Moun ki rete nan vil sa yo pap gen pèsonn pou pote yo sekou.
Y ap pè anpil e y ap vin wont.
Y ap vin tankou plant ki nan savann, tankou zèb vèt+,
Tankou zèb ki sou do kay van lès la seche.
28 Paske, mwen tande jan w an kòlè anpil kont mwen+ e jan w ap fè bri+.
Se sa k fè m ap mete kwòk mwen an nan nen w, m ap mete baboukèt+ mwen an nan bouch ou,
E m ap fè w tounen kote w soti a+.”
29 “‘Men yon siy k ap montre w* sa ap fèt: Ane sa a, w ap manje bagay ki pouse poukont yo. Ane apre a, grenn ki pouse yo ap fè w jwenn manje angren pou w manje+. Men, nan twazyèm ane a, w ap simen semans e w ap rekòlte, w ap plante pye rezen e w ap manje fwi yo bay+. 30 Moun Jida ki chape yo, sa k rete yo+, ap pouse rasin pa anba e y ap bay fwi pa anlè. 31 Paske, ap gen yon rès moun k ap soti Jerizalèm ak moun k ap chape soti nan Mòn Siyon. Jewova, Chèf lame yo, byen deside fè sa+.
32 “‘Se sa k fè, men sa Jewova di konsènan wa Asiri a+:
“Li pap antre nan vil sa a+,
Li pap tire yon flèch nan vil la,
Li pap leve yon boukliye pou l mache sou vil la,
Ni li pap fè yon ranp pou l atake l+.
33 Menm wout li te pran pou l vini an, se ladan l l ap tounen.
Li pap antre nan vil sa a.” Se sa Jewova di.
35 Nan menm nuit sa a, zanj Jewova a soti e li touye 185 000 gason nan kan moun Asiri yo+. Nan demen, lè moun yo leve byen bonè, yo wè tout kadav yo+. 36 Se sa k fè Senakerib, wa Asiri a, t al fè wout li, li te retounen Niniv+ e li te rete la+. 37 Pandan li t ap pwostène nan kay* Niswòk, dye l t ap sèvi a, pwòp pitit gason l, Adramelèk ak Charezè, touye l ak kout epe+. Apre sa, yo sove al nan peyi Arara+. Epi, Esaradon+, yon pitit gason l, vin wa nan plas li.