Egzòd
7 Apre sa, Jewova di Moyiz: “Gade, mwen fè w vin tankou Bondye* pou Farawon, e Arawon, frè w la, ap vin pwofèt ou+. 2 W ap fè Arawon konnen tout lòd mwen ba ou, li menm l ap pale ak Farawon e Farawon ap fè Izrayelit yo kite peyi l la. 3 Kanta pou mwen, m ap kite Farawon fè tèt di+, e m ap fè yon pakèt mèvèy ak mirak nan peyi Ejip+. 4 Men, Farawon pap koute nou e m ap oblije leve men m pou m frape Ejip ak yon seri gwo aksyon+ mwen pral fè nan mitan l pou m fè tout moun ki nan pèp mwen an, Izrayelit yo, kite peyi Ejip. 5 Lè mwen lonje men m pou m frape Ejip pou m fè Izrayelit yo soti nan mitan Ejipsyen yo, se sèten Ejipsyen yo ap konnen mwen se Jewova+.” 6 Moyiz ak Arawon te fè egzakteman sa Jewova te ba yo lòd fè yo. 7 Moyiz te gen 80 an e Arawon te gen 83 an lè yo t al pale ak Farawon an+.
8 Apre sa, Jewova di Moyiz ak Arawon: 9 “Si Farawon di nou: ‘Fè yon mirak’, w ap di Arawon: ‘Pran baton w lan, lage l atè devan Farawon.’ Lè sa a, baton an ap tounen yon gwo koulèv+.” 10 Vrèmanvre, Moyiz ak Arawon al kot Farawon e yo fè egzakteman sa Jewova te ba yo lòd fè a. Arawon te lage baton l lan atè devan Farawon ak sèvitè l yo e baton an te tounen yon gwo koulèv. 11 Men, Farawon te voye rele gwo save yo ak moun ki konn fè maji yo. Epi, prèt ki te majisyen ann Ejip yo+ te fè maji e yo te fè menm bagay la+. 12 Yo chak te lage baton pa yo atè e baton yo te tounen gwo koulèv, men baton Arawon an te vale baton sa yo. 13 Malgre sa, Farawon te kontinye fè tèt di+ e li pa t koute yo, jan Jewova te di sa a.
14 Apre sa, Jewova di Moyiz: “Tèt Farawon di+. Li refize voye pèp mwen an ale. 15 Demen maten, se pou w al kot Farawon. Li gen pou l soti al nan rivyè a. W ap kanpe yon kote bò kot Rivyè Nil la pou w ka kontre avè l. Ou prale ak baton ki te tounen sèpan an nan men w+. 16 W ap di l: ‘Jewova, Bondye Ebre yo, voye m kote w+, e li di: “Voye pèp mwen an ale pou y al sèvi m nan dezè a.” Men, jis kounye a, ou poko obeyi toujou. 17 Men sa Jewova di: “W ap konnen se mwen menm ki Jewova+ lè m frape Rivyè Nil la ak baton ki nan men m nan e rivyè a tounen san. 18 Pwason ki nan Rivyè Nil la ap mouri, rivyè a ap santi, e Ejipsyen yo pap ka bwè dlo ladan l.”’”
19 Apre sa, Jewova di Moyiz: “Men sa pou w di Arawon: ‘Pran baton w lan, lonje men w sou dlo Ejip yo+, sou rivyè l yo, sou kanal* li yo, sou lagon l yo+ ak sou tout rezèvwa dlo l yo, pou yo ka tounen san.’ Ap gen san nan tout peyi Ejip, menm nan veso ki fèt an bwa ak veso ki fèt ak wòch yo.” 20 Menm moman an, Moyiz ak Arawon fè egzakteman sa Jewova di a. Arawon leve baton an, li frape dlo Rivyè Nil la devan je Farawon ak sèvitè l yo, e tout dlo ki nan rivyè a tounen san+. 21 Pwason ki te nan rivyè a te mouri+, rivyè a te vin santi e Ejipsyen yo pa t ka bwè dlo ki te ladan l lan+. Te gen san nan tout peyi Ejip.
22 Men, prèt ki te konn fè maji ann Ejip yo te fè maji pou yo fè menm bagay la+. Sa te fè Farawon kontinye fè tèt di, e li pa t koute Moyiz ak Arawon, jan Jewova te di sa a+. 23 Apre sa, Farawon tounen lakay li, e fwa sa a tou li pa t bay sa regle anyen pou li. 24 Ejipsyen yo te fouye toutotou Rivyè Nil la pou yo ka jwenn dlo pou yo bwè, paske yo pa t ka bwè dlo ki sot nan Rivyè Nil la. 25 Apre Jewova te frape Rivyè Nil la, sèt jou te pase.