Egzòd
38 Li te fè lotèl pou ofri sakrifis y ap boule nèt yo ak bwa akasya. Lotèl la te kare, li te mezire senk koude* longè, senk koude lajè ak twa koude wotè+. 2 Apre sa, li fè yon kòn nan chak kwen lotèl la. Kat kòn yo te fè yon sèl ak lotèl la. Epi, li kouvri l ak kuiv+. 3 Apre sa, li fè tout bagay ki mache ak lotèl la: bokit yo, pèl yo, kivèt yo, fouch yo, ak veso pou mete chabon dife yo. Li te fè tout bagay sa yo an kuiv. 4 Mete sou sa, li te fè yon gri an kuiv pou lotèl la, li te mete l pi ba pase ankadreman ki antoure lotèl la e li te rive prèske nan mwatye wotè lotèl la. 5 Li te fè kat gwo bag e li te mete yo nan kat kwen lotèl la, toupre gri an kuiv la, pou yo resevwa baton yo. 6 Apre sa, li fè baton ak bwa akasya e li kouvri yo ak kuiv. 7 Li te mete baton yo nan bag yo, ki sou de bò lotèl la, pou yo pote lotèl la. Li te fè lotèl la ak planch, li te tankou yon kòf ki san fon.
8 Apre sa, li fè basen an+ ak pye basen an an kuiv. Se glas* ki te pou medam ki t ap sèvi devan tant reyinyon an li te itilize pou l fè yo. Medam sa yo t ap fè sèvis yo dapre aranjman ki te fèt pou sa.
9 Apre sa, li fè lakou a+. Li fè rido ak bon fil len tòde pou lakou a pou bò ki te bay nan direksyon sid la. Rido sa yo te mezire 100 koude longè lè w mete yo ansanm+. 10 Te gen 20 poto sou bò sa a ansanm ak 20 sipò an kuiv ki gen twou ladan yo e te gen kwochèt pou poto yo ak pyès pou fè koneksyon yo ki te fèt ann ajan. 11 Pou bò ki te bay nan direksyon nò a, te gen rido ki te mezire 100 koude longè lè w mete yo ansanm. Te gen 20 poto an kuiv ak 20 sipò an kuiv pou poto yo. Kwochèt ki te pou poto yo ak pyès pou fè koneksyon yo te ann ajan. 12 Nan bò ki te bay nan direksyon lwès la, rido yo te mezire 50 koude lè w mete yo ansanm. Te gen dis poto ak dis sipò, e kwochèt pou poto yo ak pyès pou fè koneksyon yo te ann ajan. 13 Fasad ki te bay nan direksyon lès la, nan direksyon solèy leve a, te mezire 50 koude lajè. 14 Sou yon bò antre lakou a, te gen rido ki te mezire 15 koude lè n mete yo ansanm e te gen twa poto ak twa sipò pou anba yo. 15 Sou lòt bò antre lakou a, te gen rido ki te mezire 15 koude lè n mete yo ansanm, te gen twa poto ak twa sipò anba poto yo. 16 Tout rido ki antoure lakou a te fèt ak bon fil len tòde. 17 Sipò pou poto yo te fèt an kuiv, kwochèt pou poto yo ak pyès pou fè koneksyon yo te fèt ann ajan. Yo te kouvri tèt poto yo ak ajan. Te gen pyès pou fè koneksyon ann ajan pou tout poto ki te nan lakou a+.
18 Rido pou antre lakou a te fèt ak fil ble, lenn vyolèt, fil wouj vif, ak bon fil len tòde. Li te mezire 20 koude longè ak 5 koude wotè. Li te menm wotè ak rido ki te antoure lakou a+. 19 Kat poto yo ak sipò yo te fèt an kuiv. Kwochèt pou poto sa yo te fèt ann ajan, tèt poto yo ak pyès pou fè koneksyon yo te kouvri ak ajan. 20 Tout pikèt tabènak* la ak pikèt ki te toutotou lakou a te fèt an kuiv+.
21 Men lis bagay yo te itilize pou yo fè tabènak la ki te gen lach alyans lan+ anndan l. Se Moyiz ki te bay lòd pou yo fè lis sa a e se Levit yo+ ki te fè l anba sipèvizyon Itama+, ki se pitit gason Arawon, prèt la. 22 Betsalèl+, pitit gason Ouri, ki se pitit gason Ou, moun tribi Jida, te fè tout sa Jewova te bay Moyiz lòd fè yo. 23 Owolyab+, pitit gason Ayisamak, moun tribi Dann, te ansanm avè l. Owolyab te yon atizan. Li te konn bwode e li te tise twal ak fil ble, lenn vyolèt, fil wouj vif ak bon fil len.
24 Kantite lò yo te itilize pou fè travay ki gen rapò ak kote ki sakre a se te 29 talan* lò plis 730 chekèl* lò, dapre chekèl ki nan kote ki sakre a*. Se te lò yo te balanse kòm ofrann pou Bondye a+. 25 Kantite ajan moun yo te anrejistre nan pèp la te pote a se te 100 talan ak 1 775 chekèl, dapre chekèl ki nan kote ki sakre a*. 26 Mwatye chekèl chak moun te bay la se te mwatye chekèl ki te nan kote ki sakre a*. Se kantite sa a chak gason yo te anrejistre yo te bay. Gason sa yo te gen 20 an pou pi piti+. Antou te gen 603 550 gason ki te anrejistre+.
27 Sipò yo te fè pou kote ki sakre a ak sipò yo te fè pou rido a te fèt ak 100 talan ajan antou. Te gen 100 sipò, yo te fèt ak 100 talan ajan, sa vle di yon talan pou chak sipò+. 28 Li te fè kwochèt pou poto yo e l te kouvri tèt poto yo ak 1 775 chekèl ajan an. Apre sa, li relye poto yo ansanm.
29 Kantite kuiv yo te ofri a* se te 70 talan kuiv ak 2 400 chekèl kuiv. 30 Avèk kantite kuiv sa a, li te fè sipò pou antre tant reyinyon an, lotèl an kuiv la, gri an kuiv pou lotèl la, tout lòt bagay ki mache ak lotèl la, 31 sipò ki gen twou ladan yo ki pou lakou a, sipò pou antre lakou a, pikèt pou tabènak la ak pikèt pou tout lakou a+.