Sòm
Yon chante pou moun k ap monte yo. Se David ki te ekri l.
131 O Jewova, mwen pa gen ògèy nan kè m,
Mwen pa awogan+,
Mwen pa kouri dèyè twò gwo bagay+
Ni m pa chèche bagay ki twòp pou mwen.
2 Men, mwen kalme nanm mwen*+, mwen fè l rete byen trankil
Tankou yon timoun ki sevre ki avèk manman l.
Wi, mwen* rete byen kalm tankou yon timoun ki sevre.
3 Se pou Izrayèl ret tann Jewova+
Depi kounye a e pou toutan.