Nawoum
3 Malè pou vil k ap fè san koule a!
Li chaje nèt ak manti ak moun k ap vòlè.
Li pa janm sispann piye moun.
2 Gen bri fwèt ak bri wou charyo,
Gen cheval ak charyo k ap pase byen vit.
3 Kavalye yo monte cheval yo, epe yo fè zèklè e lans yo limen.
Gen yon bann moun ki mouri e gen yon pil kadav.
Wi, moun pa ka konte kantite kadav ki genyen yo.
Moun kontinye ap bite sou kadav yo.
4 Se paske l tèlman aji tankou pwostitye ki fè sa rive,
Li menm ki bèl, ki konn atire moun e ki maton nan fè maji.
Li aji tankou pwostitye ak nasyon yo pou l pran yo nan pyèj e li pran yo nan maji.
5 Men sa Jewova, Chèf lame yo, di: “Gade! M ap atake w*+.
M ap leve jip ou rive wotè figi w.
M ap fè nasyon yo wè pati entim ou
E m ap fè wayòm yo wè sa k fè w wont lan.
6 M ap voye bagay sal sou ou
E m ap fè w tounen yon bagay ki bay repiyans.
M ap fè tout moun pase w nan rizib+.
7 Tout moun ki wè w ap kouri pou ou+ e y ap di:
‘Yo ravaje Niniv!
Kiyès k ap pran pitye pou li?’
Ki bò m ap jwenn moun pou konsole w?
8 Èske w pi bon pase Nowamon*+ ki bò kanal dlo Rivyè Nil yo+?
Li antoure ak dlo,
Se grasa lanmè a li te vin rich, e miray li se te lanmè.
9 Se Etyopi ansanm ak Ejip ki te ba l fòs san limit li te genyen an.
10 Men, menm li menm t al ann egzil.
Wi, li t al kòm prizonye+.
Yo dechire pitit li yo fè miyèt moso nan tout kafou*.
Yo fè tiraj osò pou separe gwo potanta l yo,
E yo mete tout moun enpòtan l yo nan chenn.
12 Tout fòtrès ou yo tankou pye fig frans ki bay premye fwi ki mi.
Si yo souke yo, se nan bouch moun k ap devore yo y ap tonbe.
13 Gade! Gwoup sòlda w genyen lakay ou yo tankou fi.
Pòtay vil ki nan peyi w yo ap ret ouvè byen laj pou ènmi w yo.
Dife ap kankannen bwa yo konn fèmen pòtay ou yo.
14 Pran dlo pou lè yo ansèkle w+.
Fè fòtrès ou yo vin pi solid.
Antre nan labou a e pilonnen ajil la,
Epi, pran moul yo konn fè brik la.
15 Men, aktout sa, dife a ap kankannen w.
Yon epe ap touye w+.
L ap devore w menm jan jenn krikèt yo konn devore plant+.
Se pou nou vin anpil tankou jenn krikèt.
Wi, se pou nou vin anpil tankou krikèt.
16 Ou fè komèsan w yo vin pi plis pase zetwal nan syèl la.
Jenn krikèt yo chanje po epi yo vole y ale.
17 Sòlda w yo tankou krikèt
E chèf ou yo tankou yon pakèt krikèt k ap vole ansanm.
Yo ret nan twou ki nan miray yo lè l fè frèt.
Men, lè solèy la klere, yo vole y ale,
E pa gen moun ki konnen kote yo ye.
18 O wa Asiri, bèje w genyen yo kagou.
Gwo zotobre w yo rete lakay yo.
Pèp ou a gaye nan mòn yo,
E pa gen moun ki fè yo rasanble+.