BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Detewonòm 1
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

Detewonòm — Sa ki gen nan liv sa a

      • Yo kite Mòn Orèb (1-8)

      • Yo nome chèf ak jij (9-18)

      • Dezobeyisans nan Kadèsbaneya (19-46)

        • Pèp Izrayèl la refize antre nan peyi a (26-33)

        • Yo pa reyisi pran Kanaran (41-46)

Detewonòm 1:2

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 9:23

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    1/10/2004, p. 19

Detewonòm 1:3

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “pitit gason Izrayèl yo”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 32:13; 33:38

Detewonòm 1:4

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 21:23, 24; Joz 12:1, 2
  • +Nb 21:33-35
  • +Joz 13:8, 12

Detewonòm 1:5

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 4:8; 17:18; Ne 8:7

Detewonòm 1:6

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 19:1; Nb 10:11, 12

Detewonòm 1:7

Nòt anba paj

  • *

    Sanble se mòn Liban yo.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 15:16
  • +Joz 12:2, 3
  • +Joz 9:1, 2
  • +Joz 13:1, 5; 1Wa 9:19
  • +Jen 15:18

Detewonòm 1:8

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “semans”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 26:3
  • +Jen 28:13
  • +Jen 12:7; 13:14, 15; 17:1, 7

Detewonòm 1:9

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 18:17, 18

Detewonòm 1:10

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 15:1, 5; Eg 32:13; Nb 26:51; Dt 10:22

Detewonòm 1:11

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 3:8
  • +Jen 12:1-3; 22:15, 17; 26:3, 4; Eg 23:25

Detewonòm 1:12

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 18:17, 18; Nb 11:11; 20:3

Detewonòm 1:13

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 18:21

Detewonòm 1:15

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 18:25

Detewonòm 1:16

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 23:8; Dt 16:18; Jan 7:24
  • +Eg 22:21; Le 19:34; 24:22

Detewonòm 1:17

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 19:15; Wm 2:11
  • +Eg 23:3
  • +Pw 29:25
  • +2Kw 19:6
  • +Eg 18:25, 26

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    1/10/2004, p. 19

Detewonòm 1:19

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 10:12; Dt 8:14, 15; Jr 2:6
  • +Nb 13:29
  • +Nb 13:26

Detewonòm 1:21

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 23:27; Dt 1:8

Detewonòm 1:22

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 13:1, 2

Detewonòm 1:23

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 13:3

Detewonòm 1:24

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 13:17

Detewonòm 1:25

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 13:23-27

Detewonòm 1:26

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 14:1-4

Detewonòm 1:28

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “te fè kè nou fonn”.

  • *

    Sa vle di miray yo te wo anpil anpil.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 32:9; Joz 14:7, 8
  • +Nb 13:28, 33
  • +Nb 13:22; Joz 11:21

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    15/8/2013, p. 11

Detewonòm 1:29

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 14:9

Detewonòm 1:30

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 14:14; Joz 10:42
  • +Nb 14:22

Detewonòm 1:32

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sm 78:22; 106:24; Eb 3:16, 19; Jd 5

Detewonòm 1:33

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 13:21; 40:36; Nb 10:33, 34; Sm 78:14

Detewonòm 1:34

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 14:28, 35; 32:10-12; Dt 2:14; Sm 95:11; Eb 3:11

Detewonòm 1:35

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 14:29, 35; 1Ko 10:1, 5; Eb 3:17

Detewonòm 1:36

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “nèt”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 14:24; Joz 14:9

Detewonòm 1:37

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 20:12; 27:13, 14; Dt 3:26; Sm 106:32

Detewonòm 1:38

Nòt anba paj

  • *

    Se kapab tou: “Bondye ba l fòs”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 33:11; Nb 11:28
  • +Nb 14:38
  • +Nb 27:18; Dt 31:7; Joz 1:6, 9

Detewonòm 1:39

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 14:3
  • +Nb 14:30, 31

Detewonòm 1:40

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 14:25

Detewonòm 1:41

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 14:39-45

Detewonòm 1:42

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 26:14, 17

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

Det. 1:2Dt 9:23
Det. 1:3Nb 32:13; 33:38
Det. 1:4Nb 21:23, 24; Joz 12:1, 2
Det. 1:4Nb 21:33-35
Det. 1:4Joz 13:8, 12
Det. 1:5Dt 4:8; 17:18; Ne 8:7
Det. 1:6Eg 19:1; Nb 10:11, 12
Det. 1:7Joz 13:1, 5; 1Wa 9:19
Det. 1:7Jen 15:18
Det. 1:7Jen 15:16
Det. 1:7Joz 12:2, 3
Det. 1:7Joz 9:1, 2
Det. 1:8Jen 26:3
Det. 1:8Jen 28:13
Det. 1:8Jen 12:7; 13:14, 15; 17:1, 7
Det. 1:9Eg 18:17, 18
Det. 1:10Jen 15:1, 5; Eg 32:13; Nb 26:51; Dt 10:22
Det. 1:111Wa 3:8
Det. 1:11Jen 12:1-3; 22:15, 17; 26:3, 4; Eg 23:25
Det. 1:12Eg 18:17, 18; Nb 11:11; 20:3
Det. 1:13Eg 18:21
Det. 1:15Eg 18:25
Det. 1:16Eg 23:8; Dt 16:18; Jan 7:24
Det. 1:16Eg 22:21; Le 19:34; 24:22
Det. 1:17Le 19:15; Wm 2:11
Det. 1:17Eg 23:3
Det. 1:17Pw 29:25
Det. 1:172Kw 19:6
Det. 1:17Eg 18:25, 26
Det. 1:19Nb 10:12; Dt 8:14, 15; Jr 2:6
Det. 1:19Nb 13:29
Det. 1:19Nb 13:26
Det. 1:21Eg 23:27; Dt 1:8
Det. 1:22Nb 13:1, 2
Det. 1:23Nb 13:3
Det. 1:24Nb 13:17
Det. 1:25Nb 13:23-27
Det. 1:26Nb 14:1-4
Det. 1:28Nb 32:9; Joz 14:7, 8
Det. 1:28Nb 13:28, 33
Det. 1:28Nb 13:22; Joz 11:21
Det. 1:29Nb 14:9
Det. 1:30Eg 14:14; Joz 10:42
Det. 1:30Nb 14:22
Det. 1:32Sm 78:22; 106:24; Eb 3:16, 19; Jd 5
Det. 1:33Eg 13:21; 40:36; Nb 10:33, 34; Sm 78:14
Det. 1:34Nb 14:28, 35; 32:10-12; Dt 2:14; Sm 95:11; Eb 3:11
Det. 1:35Nb 14:29, 35; 1Ko 10:1, 5; Eb 3:17
Det. 1:36Nb 14:24; Joz 14:9
Det. 1:37Nb 20:12; 27:13, 14; Dt 3:26; Sm 106:32
Det. 1:38Eg 33:11; Nb 11:28
Det. 1:38Nb 14:38
Det. 1:38Nb 27:18; Dt 31:7; Joz 1:6, 9
Det. 1:39Nb 14:3
Det. 1:39Nb 14:30, 31
Det. 1:40Nb 14:25
Det. 1:41Nb 14:39-45
Det. 1:42Le 26:14, 17
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
  • 23
  • 24
  • 25
  • 26
  • 27
  • 28
  • 29
  • 30
  • 31
  • 32
  • 33
  • 34
  • 35
  • 36
  • 37
  • 38
  • 39
  • 40
  • 41
  • 42
  • 43
  • 44
  • 45
  • 46
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Detewonòm 1:1-46

Detewonòm

1 Pawòl sa yo se pawòl Moyiz te di pèp Izrayèl la nan dezè ki nan zòn Jouden an, dezè ki anfas Souf, ki ant Paran, Tofèl, Laban, Azewòt ak Dizaab la. 2 Pou yon moun sot Orèb pou l al Kadèsbaneya+, sa pran 11 jou si l pase pa wout ki mennen Mòn Seyi a. 3 Nan 40yèm ane a+, nan 11yèm mwa a, nan premye jou nan mwa a, Moyiz te di Izrayelit yo* tout sa Jewova te ba l lòd pou l di yo. 4 Se te apre li te fin bat Siyon+, wa Amorit yo, ki t ap viv Esbon, ansanm ak Òg+, wa Bazan an, ki t ap viv Astawòt, nan Edreyi+. 5 Pandan Moyiz te nan zòn Jouden an, nan peyi Mowab, li te pran esplike yo Lwa a+. Li te di yo:

6 “Lè nou te Orèb, Jewova, Bondye nou an, te di nou: ‘Kantite tan nou pase nan mòn sa yo kont+. 7 Se pou nou al nan zòn ki gen mòn kote Amorit yo+ rete a ak zòn kote vwazen yo ye nan Araba a+, nan zòn ki gen mòn nan, nan Chefela a, nan Negèb, bò lanmè a+, nan peyi moun Kanaran yo, nan Liban*+, rive jis nan gwo rivyè a, Rivyè Efrat la+. 8 Tande, mwen met peyi a devan nou. Se pou nou antre nan peyi a e se pou nou pran l, peyi Jewova te fè zansèt nou yo, Abraram, Izarak+ ak Jakòb+, sèman l ap ba yo l e l ap bay desandan* yo li+.’

9 “Lè sa a, mwen te di nou: ‘Mwen pa kapab dirije nou poukont mwen+. 10 Jewova, Bondye nou an, fè nou vin anpil. Jodi a nou vin anpil menm jan ak zetwal ki nan syèl la+. 11 Se pou Jewova, Bondye zansèt nou yo, fè nou vin mil fwa pi plis+ e se pou l beni nou jan li te pwomèt nou sa a+. 12 Ki jan m ap ka pote chay sa a nou ye a poukont mwen? Ki jan m ap ka sipòte tout chirepit nou yo+? 13 Se pou nou chwazi kèk gason nan tribi nou yo ki gen sajès, ki prevwayan e ki gen eksperyans e m ap mete yo sou tèt nou kòm chèf+.’ 14 Lè sa a, nou te di m: ‘Sa w di nou fè a bon.’ 15 Epi, mwen te pran chèf ki nan tribi nou yo ki te gen sajès ak eksperyans e mwen te mete yo sou tèt nou kòm chèf gwoup ki gen 1 000 moun ladan yo, chèf gwoup ki gen 100 moun ladan yo, chèf gwoup ki gen 50 moun ladan yo, chèf gwoup ki gen 10 moun ladan yo, e kòm moun ki gen otorite nan tribi nou yo+.

16 “Lè sa a, men ki enstriksyon mwen te bay jij nou yo: ‘Lè gen moun nan pèp la ki gen pwoblèm antre yo e yo vin devan nou, nou dwe jije ka a avèk jistis+, kit moun nan gen pwoblèm ak yon Izrayelit parèy li, kit li gen pwoblèm ak yon etranje k ap viv nan mitan nou+. 17 Nou pa dwe gen patipri lè n ap jije+. Nou dwe koute ni moun ki pa enpòtan, ni moun ki enpòtan+. Nou pa dwe kite moun fè nou pè+, paske se pou Bondye n ap jije+. Lè yon ka twò difisil pou nou, n a pote l devan m e m a tande l+.’ 18 Lè sa a, mwen te di nou tout sa pou n fè.

19 “Apre sa, jan Jewova, Bondye nou an, te ban nou lòd pou nou fè a, nou te kite Orèb, nou te mache nan gwo dezè+ ki bay kè kase a, dezè nou te wè lè nou te sou wout pou n al nan zòn ki gen mòn kote Amorit yo+ rete a. Epi, nou te vin rive Kadèsbaneya+. 20 Lè sa a, mwen te di nou: ‘Nou rive nan zòn ki gen mòn kote Amorit yo rete a, zòn Jewova, Bondye nou an, ap ban nou an. 21 Tande, Jewova, Bondye nou an, ban nou peyi a. Monte al pran l, jan Jewova, Bondye zansèt nou yo, te di nou fè sa a+. Pinga nou pè, pinga nou panike.’

22 “Men, nou tout te vin kote m e nou te di m: ‘Annou voye kèk gason devan pou y al wè jan peyi a ye, konsa, y ap ka fè nou konnen ki wout pou nou fè e ki jan vil yo ye+.’ 23 Mwen te wè sa nou te di m nan te bon, se sa k fè, mwen te chwazi 12 gason pami nou, youn nan chak tribi+. 24 Apre sa, yo te ale, yo te monte nan mòn yo+, yo te rive nan Vale Echkòl e yo te espyone peyi a. 25 Yo te pran kèk fwi nan peyi a pote pou nou, e yo te di nou: ‘Peyi Jewova, Bondye nou an, ap ban nou an se yon bon peyi+.’ 26 Men, nou pa t vle ale, e nou te rebele kont lòd Jewova, Bondye nou an, te ban nou an+. 27 Nou t ap plede bougonnen nan tant nou, e nou t ap di: ‘Se paske Jewova rayi nou ki fè l te fè nou soti nan peyi Ejip pou l lage nou nan men Amorit yo pou yo detwi nou. 28 Kote nou pral la a menm? Frè nou yo te fè nou pè*+, yo te di nou: “Moun ki nan peyi sa a pi fò pase nou, yo pi wo lontan pase nou, vil yo genyen yo men gwosè e yo gen miray ki bare yo ki rive jis nan syèl la*+. Nou te menm wè pitit gason Anak yo+ lòtbò a.”’

29 “Se sa k fè mwen te di nou: ‘Kè nou pa bezwen kase e nou pa bezwen pè yo+. 30 Jewova, Bondye nou an, ap mache devan nou e l ap goumen pou nou+, menm jan nou te wè+ li te fè sa ann Ejip la. 31 Mete sou sa, nou te wè jan Jewova, Bondye nou an, te pote nou sou bra l tout kote nou te ale nan dezè a pou jis li mennen nou isit la, menm jan ak yon papa k ap pote pitit li.’ 32 Men, malgre sa, nou pa t mete lafwa nan Jewova, Bondye nou an+, 33 ki te pran devan nou sou wout la pou l te ka di nou ki kote pou nou rete. Li te dirije nou nan nuit nan yon dife e lajounen li te fè sa nan yon nyaj, pou l te ka montre nou ki kote pou nou fè+.

34 “Pandan tout tan sa a, Jewova t ap koute sa nou t ap di yo, li te vin fache anpil e li te fè sèman+, li te di: 35 ‘Pa gen youn nan mesye sa yo ki nan jenerasyon pa bon sa a k ap wè bon peyi mwen te fè sèman m ap bay zansèt+ nou yo, 36 eksepte Kalèb, pitit Jefoune a. L ap wè peyi a, e m ap bay ni li menm ni pitit li yo yon pòsyon nan peyi pye l te pile a, paske li te suiv Jewova ak tout kè l*+. 37 (Jewova te vin fache kont mwen poutèt nou menm, e li te di m: ‘Ou menm tou ou pap antre nan peyi+ a. 38 Se Jozye, sèvitè w la, pitit gason Noun nan+, k ap antre nan peyi+ a. Se pou w ba l fòs*+, paske se li k ap fè Izrayelit yo pran peyi a.’) 39 Mete sou sa, pitit nou yo nou te di yo t ap pran+ yo a, pitit gason nou yo ki pa konn sa k bon ak sa k pa bon jodi a, se yo menm k ap antre nan peyi a, e se yo menm m ap fè pran peyi a+. 40 Men nou menm, kase tèt tounen, pase nan wout Lanmè Wouj la pou n al nan dezè a+.’

41 “Lè sa a, nou te di m: ‘Nou peche kont Jewova. Kounye a, n ap monte e nou pral batay jan Jewova, Bondye nou an, te ban nou lòd la!’ Epi, nou chak nou te pran zam nou pou n al fè lagè e nou te panse li t ap fasil pou nou monte nan mòn nan+. 42 Men, Jewova te di m: ‘Men sa pou w di yo: “Nou pa dwe monte pou n al batay, paske mwen pap avèk nou+. Si nou monte, ènmi nou yo ap bat nou.”’ 43 Se sa k fè, mwen te pale avèk nou, men nou pa t koute m. Olye de sa, nou te dezobeyi lòd Jewova te bay la, nou te fè tèt di e nou te eseye monte mòn nan. 44 Lè sa a, Amorit yo, ki t ap viv nan mòn sa a, te soti pou yo rankontre nou e yo te pati dèyè nou tankou myèl. Yo te fè nou kouri depi Seyi rive jis Òma. 45 Apre sa, nou te retounen e nou te tonbe kriye devan Jewova, men, Jewova pa t koute nou ni l pa t okipe nou. 46 Se sa k fè nou fè tout tan sa a ap viv nan Kadès.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje