Jozye
2 Annapre, Jozye, pitit gason Noun nan, voye de mesye sot Sitim+ an kachèt kòm espyon. Li di yo: “Al gade ki jan peyi Kanaran ye, sitou vil Jeriko.” Se konsa, yo ale, yo rive lakay yon pwostitye ki rele Rahab+, epi yo rete la. 2 Gen moun ki t al di wa Jeriko a: “Gen Izrayelit ki vin nan peyi a aswè a kòm espyon.” 3 Menm kote a, wa Jeriko a voye di Rahab: “Mete mesye ki vin lakay ou yo deyò, paske yo se espyon ki vin gade tout peyi a.”
4 Men, dam nan te pran de mesye yo li kache yo. Apre sa, li di: “Wi, mesye yo te vin lakay mwen vre, men mwen pa konn kote yo te soti. 5 Lè l te kòmanse fè nwa e yo t apral fèmen pòtay vil la, mesye yo t ale. Mwen pa konnen ki kote y ale, nou mèt al dèyè yo tousuit, n ap kenbe yo.” 6 (Men, li te fè mesye yo monte sou do kay la e li te fè yo kache pami yon seri ranje pay len.) 7 Epi, mesye wa a te voye yo pati dèyè Izrayelit yo nan direksyon Rivyè Jouden an, nan zòn ki gen pas dlo yo+, e moun yo fèmen pòtay vil la kou mesye yo soti.
8 Anvan Izrayelit yo kouche pou yo dòmi, dam nan monte al kot mesye yo sou do kay la. 9 Li di yo: “Mwen konnen byen Jewova ap ban nou peyi a+, paske tout moun pè nou+. Tout moun nan peyi a ap viv ak kè sote akoz nou menm+, 10 paske nou te tande jan Jewova te seche dlo Lanmè Wouj la devan nou lè nou te kite peyi Ejip+ e nou te tande sa nou te fè de wa Amorit yo, Siyon+ ak Òg+, wa nou te touye nan lès Rivyè Jouden an. 11 Lè nou tande sa, nou te pèdi fòs*, e pa gen okenn nan nou ki te gen kouraj ankò akoz nou menm, paske Bondye nou an, Jewova, se Bondye ni nan syèl la ni sou tè a+. 12 Piske mwen te aji byen avèk nou*, kounye a, tanpri, fè sèman ban mwen devan Jewova nou menm tou n ap aji byen avèk moun lakay papa m yo, e nou dwe ban m yon siy pou asire m n ap fè sa. 13 Nou dwe pwoteje lavi papa m ak lavi manman m, lavi frè m ak sè m yo ak lavi tout moun lakay yo. Nou dwe pwoteje lavi* nou tout pou nou pa mouri+.”
14 Lè sa a, mesye yo di l: “N ap bay lavi nou pou nou*! Si w pa met misyon nou an deyò, n ap byen aji avè w e n ap fidèl avè w lè Jewova ban nou peyi a.” 15 Apre sa, li fè yo desann nan yon kòd nan fenèt la, paske kay li a te sou yon bò miray vil la. An reyalite, li te abite sou tèt miray la+. 16 Epi, li di yo: “Ale nan zòn ki gen mòn nan, kache la pandan twa jou, pou moun ki al dèyè nou yo pa jwenn nou. Konsa, lè moun ki al dèyè nou yo retounen, nou ka kontinye wout nou.”
17 Mesye yo di l: “Nou pap koupab pou sèman ou fè nou fè a+ 18 si lè nou retounen nan peyi a ou pa mare kòd wouj la nan fenèt ou te fè nou desann nan. Ou dwe fè papa w, manman w, frè w yo ak tout moun lakay papa w yo vin jwenn ou nan kay la+. 19 Si yon moun kite kay la li sot deyò, l ap mouri pou tèt li, e nou menm nou pap koupab. Men, si yo ta touye yon moun ki ret avè w anndan kay la, se nou k ap responsab. 20 Men, si w met misyon nou an deyò+, nou pap koupab pou sèman ou fè nou fè a.” 21 Li di yo: “Se pou sa fèt jan nou di a.”
Kou l fin di sa, li fè yo ale, e y al fè wout yo. Apre sa, li mare kòd wouj la nan fenèt la. 22 Se konsa, y al nan zòn ki gen mòn nan e yo rete la pandan twa jou, jiskaske tout moun ki t ap chèche yo retounen. Moun wa a te voye yo te chèche yo toupatou, men yo pa t jwenn yo. 23 Annapre, de mesye yo desann sot nan zòn ki gen mòn nan, yo travèse rivyè a e yo retounen kot Jozye, pitit gason Noun nan. Yo rakonte l tout sa k te rive yo. 24 Epi, yo di Jozye: “Jewova lage tout peyi a nan men nou+. Anfèt, tout moun nan peyi a ap viv ak kè sote akoz nou menm+.”