BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Dànyèl 5
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

Dànyèl — Sa ki gen nan liv sa a

      • Gwo resepsyon wa Belchaza a (1-4)

      • Gen yon men k ap ekri sou mi palè a (5-12)

      • Wa a mande Dànyèl pou l esplike sa ki ekri a (13-25)

      • Esplikasyon: Babilòn ap tonbe (26-31)

Dànyèl 5:1

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 7:1; 8:1
  • +Eza 21:5; Jr 51:39

Dànyèl 5:2

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “granpapa”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Wa 25:15; 2Kw 36:18; Esd 1:7; Jr 52:19; Dn 1:1, 2

Dànyèl 5:6

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “figi wa a te chanje”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eza 21:2, 3

Dànyèl 5:7

Nòt anba paj

  • *

    Se yon gwoup moun ki fò nan fè divinò ak nan astwoloji.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 2:2; 4:6
  • +Jen 41:39, 42; Est 8:15
  • +Dn 2:6, 48

Dànyèl 5:8

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 2:27; 4:7

Dànyèl 5:9

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eza 13:1, 7

Dànyèl 5:10

Nòt anba paj

  • *

    Sanble y ap pale de manman wa a.

Dànyèl 5:11

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “granpapa”.

  • *

    Se yon gwoup moun ki fò nan fè divinò ak nan astwoloji.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 4:8, 9
  • +Dn 2:47, 48

Dànyèl 5:12

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “pou l demare ne kòd”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 1:7; 4:8
  • +Dn 1:17, 20; 6:3

Dànyèl 5:13

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 1:3, 6; 2:25
  • +2Wa 24:11, 14

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad etid,

    10/2016, p. 11

Dànyèl 5:14

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 4:9
  • +Dn 1:17, 20

Dànyèl 5:15

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eza 47:12, 13; Dn 2:10, 11; 5:8

Dànyèl 5:16

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “kapab demare ne kòd”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 2:28
  • +Dn 2:6; 5:7

Dànyèl 5:17

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Referans pou Pwogram reyinyon,

    9/2017, p. 2

Dànyèl 5:18

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 2:37, 38

Dànyèl 5:19

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 25:9; Dn 3:4, 5; 4:22
  • +Dn 2:12; 3:6, 29

Dànyèl 5:20

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eza 14:13, 14; Dn 4:30

Dànyèl 5:21

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 4:31-35

Dànyèl 5:22

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “pitit pitit li”.

Dànyèl 5:23

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 50:29
  • +Dn 5:2, 3
  • +Sm 115:4-7; Eza 46:6, 7
  • +Sm 104:29

Dànyèl 5:24

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 5:5

Dànyèl 5:26

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eza 13:11; Jr 25:12; 27:6, 7; 50:1, 2; 51:11

Dànyèl 5:28

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Esd 1:1, 2; Eza 21:2; 45:1; Jr 50:9; Dn 6:28; 9:1

Dànyèl 5:29

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 5:7, 16

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Referans pou Pwogram reyinyon, 9/2017, p. 2

    Referans pou Pwogram reyinyon,

    9/2017, p. 2

Dànyèl 5:30

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eza 21:9; Jr 51:8, 31, 39, 57

Dànyèl 5:31

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 6:1; 9:1

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Referans pou Pwogram reyinyon, 6/2017, p. 1

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

Dàn. 5:1Dn 7:1; 8:1
Dàn. 5:1Eza 21:5; Jr 51:39
Dàn. 5:22Wa 25:15; 2Kw 36:18; Esd 1:7; Jr 52:19; Dn 1:1, 2
Dàn. 5:6Eza 21:2, 3
Dàn. 5:7Dn 2:2; 4:6
Dàn. 5:7Jen 41:39, 42; Est 8:15
Dàn. 5:7Dn 2:6, 48
Dàn. 5:8Dn 2:27; 4:7
Dàn. 5:9Eza 13:1, 7
Dàn. 5:11Dn 4:8, 9
Dàn. 5:11Dn 2:47, 48
Dàn. 5:12Dn 1:7; 4:8
Dàn. 5:12Dn 1:17, 20; 6:3
Dàn. 5:13Dn 1:3, 6; 2:25
Dàn. 5:132Wa 24:11, 14
Dàn. 5:14Dn 4:9
Dàn. 5:14Dn 1:17, 20
Dàn. 5:15Eza 47:12, 13; Dn 2:10, 11; 5:8
Dàn. 5:16Dn 2:28
Dàn. 5:16Dn 2:6; 5:7
Dàn. 5:18Dn 2:37, 38
Dàn. 5:19Jr 25:9; Dn 3:4, 5; 4:22
Dàn. 5:19Dn 2:12; 3:6, 29
Dàn. 5:20Eza 14:13, 14; Dn 4:30
Dàn. 5:21Dn 4:31-35
Dàn. 5:23Jr 50:29
Dàn. 5:23Dn 5:2, 3
Dàn. 5:23Sm 115:4-7; Eza 46:6, 7
Dàn. 5:23Sm 104:29
Dàn. 5:24Dn 5:5
Dàn. 5:26Eza 13:11; Jr 25:12; 27:6, 7; 50:1, 2; 51:11
Dàn. 5:28Esd 1:1, 2; Eza 21:2; 45:1; Jr 50:9; Dn 6:28; 9:1
Dàn. 5:29Dn 5:7, 16
Dàn. 5:30Eza 21:9; Jr 51:8, 31, 39, 57
Dàn. 5:31Dn 6:1; 9:1
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
  • 23
  • 24
  • 25
  • 26
  • 27
  • 28
  • 29
  • 30
  • 31
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Dànyèl 5:1-31

Dànyèl

5 Twouve, wa Bèlchaza+ t ap fè yon gwo resepsyon pou 1 000 nan gwo potanta l yo. Li te devan yo e li t ap bwè diven ak yo+. 2 Pandan Bèlchaza te anba diven l, li te bay lòd pou yo pote veso annò ak veso ann ajan Nebikadneza, papa* l, te pran nan tanp Jerizalèm nan+ pou li menm, wa a, ak gwo potanta l yo, madanm sou kote ak lòt madanm li te genyen yo te ka bwè ladan yo. 3 Lè sa a, yo te vin avèk veso annò yo te pran anndan tanp lan, nan kay Bondye a, nan Jerizalèm, e wa a ak gwo potanta l yo, madanm sou kote ak lòt madanm li te genyen yo te bwè ladan yo. 4 Yo te bwè diven e yo te fè lwanj pou dye ki fèt ak lò, ak ajan, ak kuiv, ak fè, ak bwa e ak wòch.

5 Menm kote a, gen men yon moun ki parèt e ki kòmanse ekri sou mi palè wa a, toupre pòtlanp lan, e wa a te wè do men ki t ap ekri a. 6 Lè sa a, figi wa a te vin blèm*, e sa l t ap panse yo te fè l pè. Janm li te vin fèb+ e jenou l te pran tranble.

7 Wa a te rele byen fò pou l mande pou yo rele divinò yo, Kaldeyen yo* ak astwològ yo pou li+. Wa a te di mesye ki gen sajès nan Babilòn yo: “Nenpòt moun ki li sa ki ekri la a e ki esplike m sa l vle di, m ap fè yo abiye l ak rad vyolèt, m ap fè yo met yon chèn lò nan kou l+, e l ap vin twazyèm moun k ap dirije nan wayòm nan+.”

8 Lè sa a, tout moun wa a te genyen ki te gen sajès yo te antre kote l, men yo pa t ka ni li sa ki ekri a ni esplike wa a sa l vle di+. 9 Se sa k fè wa Bèlchaza te vin pè anpil, figi l te vin chanje, e gwo potanta l yo pa t konn sa pou yo fè+.

10 Lè rèn nan* te tande pawòl wa a ak gwo potanta l yo te di yo, li te antre nan sal yo t ap fè resepsyon an. Epi, rèn nan di: “O monwa, se pou w viv pou toutan! Pa kite sa w ap panse yo fè w pè e pinga w kite figi w chanje. 11 Gen yon gason ki gen sajès nan wayòm ou an e ki gen lespri dye ki sen yo sou li. Nan epòk papa w la, se yon nonm yo te wè ki gen konesans, ki gen bon konprann e ki gen sajès menm jan ak dye yo+. Wa Nebikadneza, papa* w, te mete l chèf prèt ki majisyen yo, divinò yo, Kaldeyen yo* ak astwològ yo+. Se papa w menm ki te mete l nan pozisyon sa a, o monwa. 12 Paske, Dànyèl, li menm wa a te rele Bèltechaza a+, te gen lespri anpil, li te gen konesans ak bon konprann pou l esplike rèv ak bagay ki difisil pou moun konprann e pou l rezoud pwoblèm lè bagay yo mare*+. Kounye a, voye rele Dànyèl e l ap esplike w ki sa sa ki ekri a vle di.”

13 Se konsa, yo te mennen Dànyèl devan wa a. Wa a te mande Dànyèl: “Èske se ou menm ki Dànyèl la+, moun ki ann egzil papa m te pran nan Jida lè l te wa a+? 14 Mwen tande yo di ou gen lespri dye yo sou ou+ e ou se yon moun ki gen konesans, bon konprann ak anpil sajès+. 15 Twouve, yo te mennen mesye ki gen sajès yo ak divinò yo devan m pou yo te ka li sa ki ekri a e pou yo te ka esplike m sa l vle di, men yo pa t kapab esplike m sa ki ekri a+. 16 Sepandan, mwen aprann ou kapab esplike yon bagay+ e ou kapab rezoud pwoblèm lè bagay yo mare*. Kounye a, si w kapab li sa ki ekri a e ou kapab esplike m sa l vle di, m ap fè yo abiye w ak rad vyolèt, m ap fè yo met yon chèn lò nan kou w, e w ap vin twazyèm moun k ap dirije nan wayòm nan+.”

17 Lè sa a, Dànyèl reponn wa a: “Ou mèt kenbe kado w yo e ou mèt bay lòt moun kado w yo. Men, m ap li sa ki ekri a pou ou, monwa, e m ap esplike w sa l vle di. 18 O monwa, m ap fè w sonje Bondye, Sila a ki nan pi gwo pozisyon an, te bay Nebikadneza, papa w, wayòm nan e li te ba l glwa, onè ak pouvwa+. 19 Piske Bondye te ba l anpil pouvwa, tout pèp, tout nasyon ak tout gwoup moun ki pale lòt lang te pè l+. Li te touye moun li vle, li te bay moun li vle lavi, li te onore moun li vle e li te rabese moun li vle+. 20 Men, lè l te vin gen ògèy nan kè l e li te vin gen tèt di, sa ki te fè l te pran dwa ki pa t pou li+, yo te retire l sou twòn nan nan wayòm li an e yo te retire glwa li te genyen an. 21 Yo te retire l nan mitan moun, kè l te vin tankou yon kè bèt e li t al ret menm kote ak bourik mawon yo. Yo te ba l zèb pou l manje tankou towo bèf, kò l te mouye ak lawouze ki sot nan syèl la, jiskaske l te vin rekonèt se Bondye, Sila a ki nan pi gwo pozisyon an, ki Chèf nan wayòm lèzòm nan e li bay moun li vle dirije l+.

22 “Men, ou menm, Bèlchaza, pitit gason l*, ou pa t rabese w, byenke w te konn tout bagay sa yo. 23 Okontrè, ou te fè rebèl ak Seyè k ap dirije nan syèl la+ e ou te fè yo pote veso ki te nan kay li a ba ou+. Epi, ou menm ansanm ak gwo potanta w yo, madanm sou kote ak lòt madanm ou te genyen yo te bwè diven ladan yo e ou te fè louwanj pou dye ki fèt ak ajan, ak lò, ak kuiv, ak fè, ak bwa e ak wòch, yon seri dye ki pa ka wè anyen, ki pa ka tande anyen e ki pa konn anyen+. Men, ou pa t bay Bondye glwa, li menm ki gen pouvwa sou lavi w+ e sou tout sa w ap fè. 24 Se sa k fè Bondye te voye men an vin ekri pawòl sa yo+. 25 E men sa ki ekri a: MENE, MENE, TEKÈL ak PASIN.

26 “Men sa pawòl sa yo vle di: MENE vle di Bondye konte jou wayòm ou an e li met yon fen ladan l+.

27 “TEKÈL vle di li peze w nan balans e li wè ou pa peze ase.

28 “PERÈS vle di yo separe wayòm ou an e yo bay moun peyi Medi ak peyi Pès yo l+.”

29 Lè sa a, Bèlchaza te bay lòd, e yo te abiye Dànyèl ak rad vyolèt, yo te met yon chèn lò nan kou l e yo te fè tout moun konnen se li ki dwe vin twazyèm chèf nan wayòm nan+.

30 Nan menm nuit lan, yo te touye Bèlchaza, wa peyi Kalde a+. 31 Epi, Dariyis+, moun peyi Medi a, te resevwa wayòm nan. Li te gen anviwon 62 an.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje