BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Ezekyèl 24
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

Ezekyèl — Sa ki gen nan liv sa a

      • Jerizalèm tankou yon vye chodyè (1-14)

      • Lanmò madanm Ezekyèl se yon siy (15-27)

Ezekyèl 24:2

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “Pitit lòm, ekri non jou a”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Wa 25:1; Jr 39:1; 52:4

Ezekyèl 24:3

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “yon senbòl”.

  • *

    Oswa: “chodyè bouch li men lajè a”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 11:3

Ezekyèl 24:4

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 11:7

Ezekyèl 24:5

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 39:6

Ezekyèl 24:6

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Wa 21:16; Mi 7:2; Mt 23:35
  • +Eze 11:7, 9

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Referans pou Pwogram reyinyon,

    7/2017, p. 5

Ezekyèl 24:7

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 2:34
  • +Le 17:13; Dt 12:16

Ezekyèl 24:8

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Wa 24:3, 4

Ezekyèl 24:9

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Mt 23:37

Ezekyèl 24:11

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 21:10; 32:29; Eze 22:15

Ezekyèl 24:12

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 5:3; 6:29

Ezekyèl 24:13

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Kw 36:14; Eze 22:9
  • +Eze 5:12, 13; 8:18

Ezekyèl 24:14

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 13:14; Eze 5:11

Ezekyèl 24:16

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “Ou pa dwe frape lestomak ou”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 24:18, 21

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Referans pou Pwogram reyinyon,

    7/2017, p. 5

Ezekyèl 24:17

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “pa dwe kouvri anlè po bouch ou”.

  • *

    Lit.: “pen moun”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 16:5
  • +Le 10:6
  • +2Sa 15:30
  • +Mi 3:7
  • +Jr 16:7

Ezekyèl 24:18

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Referans pou Pwogram reyinyon,

    7/2017, p. 5

Ezekyèl 24:21

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “kote nanm nou gen pitye pou li a”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sm 74:7; 79:1; Jr 7:14; Lm 1:10; 2:7; Eze 9:7
  • +2Kw 36:17; Jr 6:11

Ezekyèl 24:22

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 24:17

Ezekyèl 24:23

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 26:39; Eze 33:10

Ezekyèl 24:24

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eza 8:18; 20:3; Eze 4:3

Ezekyèl 24:25

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “nanm”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 28:32; Jr 11:22

Ezekyèl 24:26

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 33:21

Ezekyèl 24:27

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 3:26; 33:22

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    7/2017, p. 5

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

Eze. 24:22Wa 25:1; Jr 39:1; 52:4
Eze. 24:3Eze 11:3
Eze. 24:4Eze 11:7
Eze. 24:5Jr 39:6
Eze. 24:62Wa 21:16; Mi 7:2; Mt 23:35
Eze. 24:6Eze 11:7, 9
Eze. 24:7Jr 2:34
Eze. 24:7Le 17:13; Dt 12:16
Eze. 24:82Wa 24:3, 4
Eze. 24:9Mt 23:37
Eze. 24:11Jr 21:10; 32:29; Eze 22:15
Eze. 24:12Jr 5:3; 6:29
Eze. 24:132Kw 36:14; Eze 22:9
Eze. 24:13Eze 5:12, 13; 8:18
Eze. 24:14Jr 13:14; Eze 5:11
Eze. 24:16Eze 24:18, 21
Eze. 24:17Jr 16:5
Eze. 24:17Le 10:6
Eze. 24:172Sa 15:30
Eze. 24:17Mi 3:7
Eze. 24:17Jr 16:7
Eze. 24:21Sm 74:7; 79:1; Jr 7:14; Lm 1:10; 2:7; Eze 9:7
Eze. 24:212Kw 36:17; Jr 6:11
Eze. 24:22Eze 24:17
Eze. 24:23Le 26:39; Eze 33:10
Eze. 24:24Eza 8:18; 20:3; Eze 4:3
Eze. 24:25Dt 28:32; Jr 11:22
Eze. 24:26Eze 33:21
Eze. 24:27Eze 3:26; 33:22
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
  • 23
  • 24
  • 25
  • 26
  • 27
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Ezekyèl 24:1-27

Ezekyèl

24 Nan nevyèm ane a, nan dizyèm mwa a, nan dizyèm jou nan mwa a, Jewova pale avè m yon lòt fwa ankò, li di m: 2 “Pitit lòm, make dat jodi a*. Wa Babilòn nan kòmanse atake Jerizalèm jodi a+. 3 Bay yon parabòl* konsènan bann rebèl sa yo. Men sa pou w di sou yo:

“‘Jewova, Seyè ki Souvren an, di:

“Met chodyè a* sou dife epi vide dlo ladan l+.

 4 Mete moso vyann ladan l+, tout bon moso yo,

Jigo a ak palèt la. Plen l ak pi bon zo yo.

 5 Pran pi bon mouton ki nan twoupo a+, mete moso bwa yo anba tout chodyè a.

Bouyi moso yo, kuit zo ki ladan l yo.”’

6 “Kidonk, men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di:

‘Malè pou vil ki fè san koule a+, chodyè ki wouye a, chodyè yo pa retire wouy li yo!

Retire moso yo ladan l youn pa youn+, pa chwazi kiyès w ap pran.

 7 San vil la fè koule a anndan l toujou+, li vide l sou yon wòch ki pa gen anyen sou li.

Li pa t vide l atè e li pa t kouvri l ak pousyè+.

 8 Pou kòlè m ka monte, pou vanjans fèt,

Mwen mete san li fè koule a sou yon wòch ki byen klere ki pa gen anyen sou li

Pou yo pa ka kouvri san an+.’

9 “Kidonk, men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di:

‘Malè pou vil ki fè san koule a+!

M ap fè bwa yo fè yon pil ki men wotè.

10 Mete moso bwa yo youn sou lòt epi limen dife a.

Bouyi vyann nan byen bouyi, jete dlo a epi kite zo yo vin tou nwa.

11 Mete chodyè vid ki fèt an kuiv la sou chabon yo pou l ka vin cho,

Pou kuiv la ka vin tou wouj.

Bagay sal ki nan chodyè a ap fonn anndan l+ e dife a ap fini ak wouy la.

12 Wouy la anpil e li pa vle soti.

Sa dekourajan e sa fatigan+.

Lage l nan dife a ak tout wouy la!’

13 “‘Ou te vin sal akoz bagay sal ou t ap fè yo+. Mwen eseye fè w vin pwòp, men ou refize vin pwòp. Toutotan m pa sispann an kòlè kont ou, ou pa gendwa vin pwòp+. 14 Mwen menm, Jewova, mwen pale e sa m di a ap fèt. M ap aji san m pa ezite, san m pa tris, san m pa regrèt+. Y ap jije w selon sa w fè e selon fason w aji.’ Se sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di.”

15 Jewova pale avè m yon lòt fwa ankò, li di m: 16 “Pitit lòm, m ap bay moun ou renmen an yon sèl kou e m ap pran l nan men w+. Ou pa dwe kite sa fè w nan lapenn*, ou pa dwe kriye pou li, ou pa dwe kite dlo soti nan je w. 17 Se pou w plenn an silans. Pinga w fè anyen ki montre w nan lapenn pou moun ki mouri a+. Mare mouchwa w nan tèt ou+ epi mete sandal nan pye w+. Ou pa dwe kouvri moustach ou*+ e w pa dwe manje pen yo pote ba ou*+.”

18 Mwen te pale ak pèp la nan maten e madanm mwen mouri nan aswè. Nan demen maten, mwen fè egzakteman sa yo te di m fè a. 19 Pèp la t ap plede di m: “Ou pap di nou ki rapò bagay w ap fè yo genyen avèk nou?” 20 Mwen reponn yo: “Jewova pale avè m, li di m: 21 ‘Men sa pou w di moun Izrayèl yo: “Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: ‘Mwen pral aji yon fason ki montre mwen pa gen okenn respè pou kote mwen genyen ki sakre a+, kote ki fè nou santi nou fyè a, kote nou renmen an, kote kè nou atache avè l la*. Pitit gason ak pitit fi nou kite dèyè yo ap tonbe anba kout epe+. 22 Lè sa a, n ap oblije fè menm sa Ezekyèl te fè a. Nou pap kouvri moustach nou e nou pap manje pen yo pote ban nou+. 23 Mouchwa nou ap sou tèt nou e sandal nou ap nan pye nou. Nou pap nan lapenn ni nou pap kriye. Men, n ap fin depafini nèt poutèt peche nou yo+ e youn ap plenn bay lòt. 24 Ezekyèl se yon siy pou nou+. N ap gen pou n fè menm sa l te fè a. Lè malè a rive nou, n ap konnen mwen se Jewova, Seyè ki Souvren an.’”’”

25 “O pitit lòm, kanta pou ou, nan jou m ap pran fòtrès yo a, bèl bagay ki fè yo kontan an, bagay yo renmen anpil la, bagay kè* yo atache avè l la, nan jou m ap pran pitit gason ak pitit fi yo genyen yo+, 26 se yon moun ki chape k ap vin fè w konn sa+. 27 Jou sa a, w ap ouvri bouch ou e w ap pale ak moun ki chape a, ou pap bèbè ankò+. W ap yon siy pou yo e y ap konnen mwen se Jewova.”

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje