BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Detewonòm 11
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

Detewonòm — Sa ki gen nan liv sa a

      • Nou wè jan Jewova montre l gran (1-7)

      • Peyi Bondye pwomèt la (8-12)

      • Rekonpans pou obeyisans (13-17)

      • Nou dwe kenbe pawòl Bondye yo nan kè nou (18-25)

      • “Benediksyon ak malediksyon” (26-32)

Detewonòm 11:1

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 6:5; 10:12; Mk 12:30

Detewonòm 11:2

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 8:5; Eb 12:6
  • +Dt 5:24; 9:26
  • +Eg 13:3

Detewonòm 11:3

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 4:34

Detewonòm 11:4

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “detwi yo jiska jodi a”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 14:23, 28; Eb 11:29

Detewonòm 11:5

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “te fè nou”.

Detewonòm 11:6

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 16:1, 32

Detewonòm 11:9

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 4:40; Pw 3:1, 2
  • +Jen 13:14, 15; 26:3; 28:13
  • +Eg 3:8; Eze 20:6

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    1/8/2007, p. 31

Detewonòm 11:10

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “wouze tè a ak pye nou”. Sa vle di, yo te itilize pye yo swa pou yo fè yon ponp dlo mache swa pou yo fè kanal pou dlo a pase oubyen pou yo ouvri kanal yo.

Detewonòm 11:11

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 1:7
  • +Dt 8:7

Detewonòm 11:12

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    1/8/2007, p. 31

Detewonòm 11:13

Nòt anba paj

  • *

    Gade Lis mo yo esplike yo.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 4:29; 6:5; 10:12; Mt 22:37

Detewonòm 11:14

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 26:4; Dt 8:7-9; 28:12; Jr 14:22

Detewonòm 11:15

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 8:10

Detewonòm 11:16

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 8:19; 29:18; Eb 3:12

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad etid,

    6/2019, p. 3-4

Detewonòm 11:17

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 28:15, 23; 1Wa 8:35, 36; 2Kw 7:13, 14
  • +Dt 8:19

Detewonòm 11:18

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “yon bando nan mitan de je nou”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Pw 7:1-3

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Kè kontan nan yon fanmi, p. 70-71

Detewonòm 11:19

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 6:6-9; Pw 22:6; Efe 6:4

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Kè kontan nan yon fanmi, p. 70-71

Detewonòm 11:21

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 4:40; Pw 4:10
  • +Jen 13:14, 15

Detewonòm 11:22

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 6:5; Lk 10:27
  • +Dt 10:20; 13:4; Joz 22:5

Detewonòm 11:23

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 23:28; Joz 3:10
  • +Dt 7:1; 9:1, 5

Detewonòm 11:24

Nòt anba paj

  • *

    Anpalan de Gwo Lanmè a, Lanmè Meditèrane.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Joz 14:9
  • +Jen 15:18; Eg 23:31

Detewonòm 11:25

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 7:24; Joz 1:5
  • +Eg 23:27; Joz 2:9, 10; 5:1

Detewonòm 11:26

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 30:15

Detewonòm 11:27

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 28:1, 2; Sm 19:8, 11

Detewonòm 11:28

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 26:15, 16; Eza 1:20

Detewonòm 11:29

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “n ap bay”.

  • *

    Oswa: “n ap bay”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 27:12, 13; Joz 8:33, 34

Detewonòm 11:30

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “solèy kouche”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 12:6

Detewonòm 11:31

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Joz 1:11

Detewonòm 11:32

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 5:32; 12:32

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

Det. 11:1Dt 6:5; 10:12; Mk 12:30
Det. 11:2Dt 8:5; Eb 12:6
Det. 11:2Dt 5:24; 9:26
Det. 11:2Eg 13:3
Det. 11:3Dt 4:34
Det. 11:4Eg 14:23, 28; Eb 11:29
Det. 11:6Nb 16:1, 32
Det. 11:9Dt 4:40; Pw 3:1, 2
Det. 11:9Jen 13:14, 15; 26:3; 28:13
Det. 11:9Eg 3:8; Eze 20:6
Det. 11:11Dt 1:7
Det. 11:11Dt 8:7
Det. 11:13Dt 4:29; 6:5; 10:12; Mt 22:37
Det. 11:14Le 26:4; Dt 8:7-9; 28:12; Jr 14:22
Det. 11:15Dt 8:10
Det. 11:16Dt 8:19; 29:18; Eb 3:12
Det. 11:17Dt 28:15, 23; 1Wa 8:35, 36; 2Kw 7:13, 14
Det. 11:17Dt 8:19
Det. 11:18Pw 7:1-3
Det. 11:19Dt 6:6-9; Pw 22:6; Efe 6:4
Det. 11:21Dt 4:40; Pw 4:10
Det. 11:21Jen 13:14, 15
Det. 11:22Dt 6:5; Lk 10:27
Det. 11:22Dt 10:20; 13:4; Joz 22:5
Det. 11:23Eg 23:28; Joz 3:10
Det. 11:23Dt 7:1; 9:1, 5
Det. 11:24Joz 14:9
Det. 11:24Jen 15:18; Eg 23:31
Det. 11:25Dt 7:24; Joz 1:5
Det. 11:25Eg 23:27; Joz 2:9, 10; 5:1
Det. 11:26Dt 30:15
Det. 11:27Dt 28:1, 2; Sm 19:8, 11
Det. 11:28Le 26:15, 16; Eza 1:20
Det. 11:29Dt 27:12, 13; Joz 8:33, 34
Det. 11:30Jen 12:6
Det. 11:31Joz 1:11
Det. 11:32Dt 5:32; 12:32
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
  • 23
  • 24
  • 25
  • 26
  • 27
  • 28
  • 29
  • 30
  • 31
  • 32
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Detewonòm 11:1-32

Detewonòm

11 “Nou dwe renmen Jewova, Bondye nou an+, nou dwe toujou fè sa l mande nou fè, nou dwe toujou obeyi lwa l yo, lòd li yo ak kòmandman l yo. 2 Nou menm ki konnen disiplin Jewova, Bondye nou an, te bay la oswa ki te wè disiplin li te bay la, nou konnen byen jodi a se avèk nou m ap pale. Mwen pap pale avèk pitit nou yo ki pa t konnen disiplin+ sa a, ki pa t wè jan Bondye te montre l gran+, e jan l gen pisans+. 3 Yo pa t wè mirak ak aksyon li te fè ann Ejip kont Farawon, wa Ejip la, ak tout peyi l la+, 4 ni sa l te fè lame Ejip la, cheval Farawon yo ak charyo l yo, lè dlo ki nan Lanmè Wouj la te kouvri yo tout lè yo t ap kouri dèyè nou an. Jewova te detwi yo nèt*+. 5 Yo pa t wè sa l te fè pou nou* depi lè n te nan dezè a pou jis nou rive isit la, 6 ni sa li te fè devan je tout Izrayelit yo lè tè a te ouvri bouch li e li te vale Datan ak Abiram, pitit gason Elyab, ki li menm se pitit gason Ribenn, ansanm ak moun lakay yo, ak tant yo, ansanm ak tout moun ak tout bèt ki t ap suiv yo+. 7 Nou te wè ak je nou tout gwo aksyon Jewova te fè yo.

8 “Nou dwe obeyi tout kòmandman m ap ban nou jodi a, pou nou ka vin yon pèp ki gen fòs, pou nou ka travèse antre nan peyi nou pral pran kòm byen pa nou an, 9 e pou nou ka viv lontan+ nan peyi Jewova te fè zansèt nou yo sèman li t ap ba yo l e li t ap bay desandan yo li+, yon peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule+.

10 “Peyi nou pral pran kòm byen pa nou an pa tankou peyi Ejip, kote nou soti a, kote nou te abitye simen semans e nou te konn travay di pou n wouze jaden nou*, jan yo konn fè pou jaden legim. 11 Peyi n ap travèse antre ladan l pou n al pran kòm byen pa nou an se yon peyi ki gen mòn ak vale+, se lapli ki sot nan syèl la ki wouze l+, 12 e se Jewova, Bondye nou an, k ap pran swen l. Je Jewova, Bondye nou an, toujou sou li ap veye l, soti premye jou nan ane a rive nan dènye jou a.

13 “Si nou toujou obeyi kòmandman m ap ban nou jodi a, si nou renmen Jewova, Bondye nou an, epi nou sèvi l ak tout kè nou e ak tout nanm*+ nou, 14 m ap fè lapli tonbe nan peyi nou an nan lè pou l tonbe a, premye sezon lapli a ak dezyèm sezon lapli a, pou nou ka rekòlte danre nou yo e pou nou ka gen diven ak luil+. 15 M ap fè zèb pouse nan savann nou yo pou bèt nou yo ka gen manje pou yo manje, e nou menm n ap manje jiskaske nou satisfè+. 16 Sèl bagay, fè atansyon pou nou pa kite kè nou fè n al adore lòt dye e pou l fè nou pwostène devan yo+. 17 Si sa ta rive, Jewova ap fache anpil kont nou, l ap fèmen syèl la pou lapli pa tonbe+, pou tè a pa pwodui, yon fason pou nou ka peri byen vit nan bon peyi Jewova ap ban nou an+.

18 “Nou dwe fè pawòl sa yo mwen di nou yo antre nan kè nou, nou dwe fè yo antre byen fon anndan nou, e nou dwe mare yo sou men nou pou nou ka sonje yo. Y ap tankou yon bando sou fwon nou*+. 19 Mete sou sa, nou dwe anseye pitit nou yo pawòl sa yo, nou dwe pale avèk yo sou yo lè nou chita lakay nou, lè n ap mache sou wout yo, lè nou kouche ak lè nou leve+. 20 Se pou nou ekri yo sou chanbrann pòt kay nou ak sou pòtay vil nou yo, 21 yon fason pou nou menm ak pitit nou yo ka viv lontan+ nan peyi Jewova te fè zansèt nou yo sèman l ap ba yo a+, pou nou ka kontinye viv nan peyi sa a toutotan syèl la pi wo pase tè a.

22 “Si nou byen suiv kòmandman m ban nou yo, si nou obeyi yo, si nou renmen Jewova, Bondye nou an+, si nou mache nan chemen l yo e si nou atache avè l+, 23 Jewova ap fè tout nasyon sa yo kouri pou nou+, e n ap pran peyi yon seri nasyon ki gen plis fòs pase nou e ki gen plis moun pase nou+. 24 Kèlkeswa kote nou met pye nou an, kote sa a ap pou nou+. Peyi nou an ap soti nan dezè a rive nan Liban, soti nan Rivyè a, Rivyè Efrat, pou rive nan lanmè ki nan direksyon lwès la*+. 25 Pèsonn pap ka kenbe tèt ak nou+. Jewova, Bondye nou an, ap fè tout moun ki abite nan peyi nou pral antre ladan yo a panike, l ap fè yo pè nou+, jan l te pwomèt nou l ap fè sa a.

26 “Gade, jodi a m ap mete benediksyon ak malediksyon devan nou+: 27 N ap jwenn benediksyon si nou obeyi kòmandman Jewova, Bondye nou an, ban nou yo, kòmandman m ap fè nou konnen jodi a+. 28 Men, malediksyon ap tonbe sou nou si nou pa obeyi kòmandman Jewova+, Bondye nou an, ban nou yo, si nou vire kite chemen mwen ban nou pou nou suiv la, e si n al suiv yon seri dye nou pa t konnen anvan.

29 “Lè Jewova, Bondye nou an, fin fè nou antre nan peyi nou pral pran kòm byen pa nou an, se sou Mòn Gerizim n ap fè konnen* benediksyon yo e se sou Mòn Ebal n ap fè konnen* malediksyon yo+. 30 Èske mòn sa yo pa sou lòt bò Rivyè Jouden an, nan direksyon lwès*, nan peyi moun Kanaran yo k ap viv nan Araba, anfas Gilgal, toupre gwo pyebwa More yo+? 31 Paske, n ap travèse Rivyè Jouden an pou nou antre nan peyi Jewova, Bondye nou an, ap ban nou an, pou nou pran l kòm byen pa nou+. Lè nou fin pran l e lè nou kòmanse viv ladan l, 32 nou dwe veye pou nou obeyi tout lòd ak tout lwa m ap mete devan nou jodi a+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje