BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Filipyen 1
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

Filipyen — Sa ki gen nan liv sa a

      • Salitasyon (1, 2)

      • Pòl di Bondye mèsi; priyè Pòl fè (3-11)

      • Malgre gen pwoblèm, bon nouvèl la ap pwogrese (12-20)

      • Viv se suiv Kris e mouri se yon avantaj (21-26)

      • Konpòte nou yon fason ki diy pou bon nouvèl la (27-30)

Filipyen 1:1

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “dyak”. Mo grèk la se dyakonòs.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Ti 3:1, 8
  • +Tr 16:12

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Òganize, p. 53

Filipyen 1:4

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Te 1:2

Filipyen 1:5

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “nou patisipe nan fè”.

Filipyen 1:6

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Flp 2:13
  • +1Ko 1:8

Filipyen 1:7

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Efe 3:1; Flp 1:13; Kol 4:18; 2Ti 1:8; Fm 13
  • +Tr 24:10, 14; 25:10-12

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Viv ak kè kontan!—Liv, leson 21

    Toudegad,

    15/2/2015, p. 22

    Bay temwayaj, p. 131-132

Filipyen 1:9

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Te 3:12
  • +Jan 17:3
  • +Eb 5:14

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad etid,

    8/2019, p. 9-10

Filipyen 1:10

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “pou nou pa fè lòt moun bite”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Wm 12:2
  • +Wm 14:13, 21

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Viv ak kè kontan!—Liv, leson 12

    Reveye n!,

    no 1 2020 p. 12

    Toudegad etid,

    8/2019, p. 10-12

    Toudegad,

    15/11/2008, p. 24

Filipyen 1:11

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jan 15:5

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad etid,

    8/2019, p. 12

    Toudegad,

    1/5/2007, p. 12

Filipyen 1:13

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Tr 28:30, 31
  • +Efe 3:1

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    15/2/2013, p. 14-16

    Tradiksyon monn nouvo a, p. 1688

Filipyen 1:16

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Flp 1:7

Filipyen 1:19

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Ko 1:11
  • +Jan 15:26

Filipyen 1:20

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “pa mwayen kò m”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Wm 14:8; 1P 4:16

Filipyen 1:21

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Ga 2:20
  • +1Te 4:14; 2Ti 4:8; Re 14:13

Filipyen 1:23

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Ti 4:6
  • +2Ko 5:6, 8

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    15/8/2008, p. 28

Filipyen 1:27

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “aji kòm sitwayen”.

  • *

    Lit.: “kit mwen pa la”.

  • *

    Oswa: “e nou ini”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Efe 4:1, 3; Kol 1:10
  • +Wm 15:5, 6; 1Ko 1:10

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    15/8/2012, p. 11-12

    15/9/2010, p. 13-14

Filipyen 1:28

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Te 1:6
  • +Lk 21:19; 2Te 1:4, 5

Filipyen 1:29

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Tr 5:41

Filipyen 1:30

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Tr 16:22, 23; 1Te 2:2

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

Flp. 1:11Ti 3:1, 8
Flp. 1:1Tr 16:12
Flp. 1:41Te 1:2
Flp. 1:6Flp 2:13
Flp. 1:61Ko 1:8
Flp. 1:7Efe 3:1; Flp 1:13; Kol 4:18; 2Ti 1:8; Fm 13
Flp. 1:7Tr 24:10, 14; 25:10-12
Flp. 1:91Te 3:12
Flp. 1:9Jan 17:3
Flp. 1:9Eb 5:14
Flp. 1:10Wm 12:2
Flp. 1:10Wm 14:13, 21
Flp. 1:11Jan 15:5
Flp. 1:13Tr 28:30, 31
Flp. 1:13Efe 3:1
Flp. 1:16Flp 1:7
Flp. 1:192Ko 1:11
Flp. 1:19Jan 15:26
Flp. 1:20Wm 14:8; 1P 4:16
Flp. 1:21Ga 2:20
Flp. 1:211Te 4:14; 2Ti 4:8; Re 14:13
Flp. 1:232Ti 4:6
Flp. 1:232Ko 5:6, 8
Flp. 1:27Efe 4:1, 3; Kol 1:10
Flp. 1:27Wm 15:5, 6; 1Ko 1:10
Flp. 1:282Te 1:6
Flp. 1:28Lk 21:19; 2Te 1:4, 5
Flp. 1:29Tr 5:41
Flp. 1:30Tr 16:22, 23; 1Te 2:2
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • Li nan Liv ki te ekri an grèk yo
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
  • 23
  • 24
  • 25
  • 26
  • 27
  • 28
  • 29
  • 30
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Filipyen 1:1-30

Filipyen

1 Mwen menm, Pòl, ak Timote, esklav Kris Jezi, m ap ekri tout moun ki sen nan vil Filip yo+, ki ann inyon ak Kris Jezi, ak siveyan yo ansanm ak sèvitè ministeryèl* yo+:

2 Mwen swete pou nou gen favè san parèy ak lapè ki soti nan Bondye, Papa nou an, ak nan Seyè a, Jezi Kris.

3 Mwen toujou di Bondye m nan mèsi chak fwa m sonje nou, 4 nan chak siplikasyon mwen fè pou nou tout. Se avèk jwa mwen fè siplikasyon m yo+ 5 poutèt nou ede* bon nouvèl la avanse depi premye jou a pou jis kounye a. 6 Paske, men asirans mwen genyen: Sila a ki te kòmanse yon bon travay nan nou an ap kontinye travay sa a pou l fini l+ jis nan jou Kris Jezi a+. 7 Se tou nòmal pou m panse avè n nan sans sa a, paske nou nan kè m, nou tout k ap patisipe avè m nan favè san parèy la, kit se nan chenn ki mare m yo+, kit se nan defann bon nouvèl la e nan fè rekonèt li devan lajistis+.

8 Paske Bondye temwen jan m anvi wè nou tout ak yon afeksyon ki sot nan fon kè m tankou afeksyon Kris Jezi genyen an. 9 E men sa m ap kontinye mande nan priyè mwen: Se pou lanmou nou ogmante chak jou pi plis+ avèk konesans egzak+ e avèk yon konpreyansyon total+, 10 pou nou ka rekonèt bagay ki pi enpòtan yo+, dekwa pou nou ka san defo e pou nou pa tounen yon obstak pou lafwa lòt moun*+, jis nan jou Kris la, 11 e dekwa pou nou ka plen ak fwi jistis, grasa Jezi Kris+, pou glwa ak louwanj Bondye.

12 Kounye a, frè m yo, mwen ta renmen nou konnen bagay ki rive m yo vire nan avantaj bon nouvèl la. 13 Konsa, tout moun ki nan Gad Anperè a ak tout rès moun yo vin konnen+ se pou Kris mwen gen chenn ki mare m yo+. 14 Kounye a, pifò nan frè yo, ki nan sèvis Seyè a, montre yo gen plis kouraj toujou pou yo pale pawòl Bondye a san yo pa pè, piske chenn ki mare m yo fè yo vin gen asirans.

15 Se vre, gen moun se jalouzi ak lespri konpetisyon ki pouse yo preche Kris, men gen lòt moun ki fè l ak bon entansyon. 16 Dezyèm gwoup moun yo, se lanmou yo gen lakay yo ki fè y ap anonse Kris, paske moun sa yo konnen yo te chwazi m pou m ka defann bon nouvèl la+. 17 Men, premye gwoup moun yo ap fè sa nan yon lespri polemik, yo pa fè l ak bon entansyon, paske yo vle ban m pwoblèm nan chenn ki mare m yo. 18 Ki rezilta sa bay? Okenn rezilta. Yon sèl bagay, sèke kèlkeswa jan sa ye, kit se sou blòf, kit se toutbon, y ap anonse Kris, e sa fè m rejwi. Anfèt, m ap toujou kontinye rejwi, 19 paske mwen konnen mwen pral delivre grasa siplikasyon nou+ e grasa èd lespri sen Jezi Kris bay la+. 20 Sa ann amoni ak tann m ap tann avèk enpasyans lan e sa ann amoni ak espere mwen espere anyen pap fè m wont lan. Men, mwen espere, lefètke mwen alèz pou m pale, Kris ap jwenn glwa pa mwayen mwen menm* kounye a, tankou jan sa te toujou konn fèt, kit se pa mwayen lavi, kit se pa mwayen lanmò+.

21 Paske nan ka pa m, si m ap viv, se pou Kris+, e si m mouri, se yon avantaj+. 22 Kounye a, si se pou m kontinye viv nan lachè, sa vle di travay mwen pwodui fwi. Epoutan, sa pou m chwazi a, mwen pa konnen l. 23 Li difisil pou m fè yon chwa ant de bagay sa yo, paske mwen ta renmen libere e mwen ta renmen ansanm ak Kris+, e se sèten se sa k pi bon lontan+. 24 Sepandan, li pi nesesè pou m rete nan lachè poutèt nou. 25 Donk, piske mwen pa gen dout sou sa, mwen konnen m ap rete e m ap kontinye rete avèk nou tout pou nou ka pwogrese e pou nou ka jwenn kè kontan nan lafwa nou genyen an, 26 yon fason pou gwo kè kontan nou genyen an ka vin anpil nan Kris Jezi grasa mwen, lè m ap la ansanm avèk nou ankò.

27 Sèlman, konpòte nou* yon fason ki diy pou bon nouvèl konsènan Kris la+, dekwa pou, kit mwen vin wè nou, kit mwen pa vin wè nou*, mwen ka tande pale de nou e mwen ka tande n ap kenbe fèm nan yon sèl espri, e nou fè yon sèl nanm*+ pou nou lite kòtakòt pou lafwa nan bon nouvèl la, 28 san nou pa kite advèsè nou yo kraponnen nou ditou. Sa a se yon prèv ki montre yo menm y ap detwi+, men nou menm n ap sove+. E se Bondye ki bay prèv sa a, 29 paske se nou menm yo bay privilèj nonsèlman pou nou mete lafwa nou nan Kris, men tou pou nou soufri pou li+. 30 Paske, menm batay nou te wè m ap mennen an+, e kounye a nou tande mwen toujou ap mennen an, se li menm tou n ap mennen.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje